Gotson Pierre
Pòtoprens, 5 fevriye 2024 [AlterPresse] — Ayiti nan yon tchouboum san fen. Peyi a ap plonje. L ap depafini anba yon kriz san parèy, ki repran vitès nan jou sa yo, ak tout leve kanpe kont premye minis ki la a.
Ariel Henry te pran angajman pou remèt pouvwa a 7 fevriye 2024 bay yon prezidan eli. Peyi a pa pran sant eleksyon ki te kab mennen nan yon pasasyon pouvwa.
Nan kriz sa a, ki pote mak fabrik vyolans, ensekirite, feblès enstitisyon Leta, gwo ponyèt politik, enstabilite ak move lavi ekonomik ak sosyal, pa gen ankenn chimen ki trase pou ta mennen nan eleksyon.
Se kriz pi rèd. Yon kriz san bout depi anpil ane.
Se nan atmosfè sa a, li nesesè pou atire atansyon tout moun sou kokenn jès Ayisyen te fè an 1986. Se te 7 fevriye 1986, diktati Duvalier a te tonbe apre 29 an reny papa ak pitit.
Sosyològ, chèchè Jean-Claude Icart, ki t ap entèvni nan magazin TiChèzBa sou AlterRadio, fè yon alevini ant kriz jounen jodi a ak kriz 1986 la. Li analize pakou ki mennen Ayiti nan tchouboum sa a. Li montre rasin kriz sa a plante fon. Se yon kriz kòryas.
Nan emisyon an, Jean-Claude Icart souliye kouman larivyè san ap koule nan peyi a, depi tousuit apre Francois Duvalier fin rive sou pouvwa a an 1957. Sa koumanse ak maspinay jounalis Yvonne Hakim Rimpel.
Pouvwa sa a te chita sou fòs bayonèt, menm jan fòs zam ak otoritaris rete yonn nan mak fabrik pouvwa ki vin apre, rive jis jounen jodi a.
Represyon te brital sou Duvalier. Jean-Claude Icart pale sou prizon terib rejim nan te òganize pou fini ak tout moun ki oze leve tèt yo. Nan Fò Dimanch, chen t ap goumen pou kadav prizonye.
Kouman fè prizon sa a disparèt san kite tras, pandan yon bon pati nan jenerasyon jodi a pa konn sa k te Fò Dimanch la ? Alòske Fò Lanmò sa a te kab tounen yon mize memwa tankou sa ta fèt nan tout sosyete kote yo respekte moun.
Ebyen, sosyològ la esplike kouman Lame, ki te sou pouvwa apre 1986, fè tou sa l te kapab pou efase memwa sa a, yon operasyon ki gen move konsekans pou sosyete a.
Nan kesyon represyon sovaj, ki souke peyi a depi Duvalier rive jounen jodi a, sosyològ la fè paralèl ant kò milis makout rejim diktati a ak kò gang k ap sakaje peyi a jodi a.
Li di se pase pran m ma pase chèche w, menmsi kò makout la limenm te enstitisyonalize. Bout pou bout, dapre li, makout ak gang ta gen menm fonksyon : sentre bas popilasyon an nan objektif kenbe pouvwa.
Sou Duvalier, chen t ap devore kadav prizonye nan nuit nan Fò Dimanch. Nan epòk kounye a, se tout lajounen chen ap fè festen nan kò moun bandi lage atè nan divès zòn, kèk kwa nan pil fatra.
Menm kote a tou, sosyològ la souliye enpòtans revandikasyon jistis apre 1986. Yon jistis popilasyon an pa janm sispann reklame, men li pa janm jwenn li, malgre « refòm » sou « refòm ».
Jean-Claude Icart mansyone kontèks entènasyonal la nan analiz li a. Li fè konnen Duvalier se nèg Ameriken. Etazini te anplwaye l nan pwojè sante depi 1934. Epi, Ameriken ak lame soutni l pandan tout tan rejim nan fè sou pouvwa a.
Jounen jodi a, dapre chèchè a, Ameriken ak rès kominote entènasyonal la pran kontwòl sosyete ayisyen an nètalkole apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, ki kraze peyi a.
Sa te parèt klè nan eleksyon yo te fòse otorite yo òganize an 2011, san peyi a pat pare pou sa. Nan eleksyon sa yo etranje yo te foure pwòp rezilta pa yo nan gagann peyi a. Sa bay yon douzèn ane echèk sou echèk jis rive nan ane 2024 sa a.
Pouvwa Duvalier, menm jan ak plizyè lòt ki suiv apre, lage peyi a nan tchouboum li twouve l la : se sa k soti nan analiz Jean-Claude Icart. Li kwè nan pasaj peyi a twouve li la a, batay demokratik la dwe pran plis jarèt epi dwe gen bon jan preparasyon ki fèt anvan eleksyon, pou evite plonje pi fon nan tchouboum nan. [gp apr 05/02/2024 23:00]