Español English French Kwéyol

Ayiti-Move tan : Pou pi piti 8 katye Okap ak plizyè lòt komin anvayi ak dlo lapli k ap tonbe nan depatman Nò, depi mitan mwa desanm 2023 a

Okap (Ayiti), 05 janvye 2024 [AlterPresse] --- Pou pi piti gen 8 katye ki anvayi ak dlo lapli, k ap tonbe nan vil Okap, depatman Nò, depi 18 desanm 2023 pou rive mekredi 3 janvye 2024 la, daprè temwanyaj ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Chanpen, Vètyè, Babyòl, Site Chovèl, Zo Vensan, Sitedipèp, Kite yo, Charye pami katye ki anvayi ak dlo jis kounye a nan Okap.

Tè bouche kannal yo nan Charye.

Anplis, dlo k ap koule nan mòn yo anvayi wout nasyonal nimewo 1 an ak plizyè katye nan Okap.

Okap pa sèlman komin kote dlo anvayi plizyè katye.

Dlo lapli yo anvayi tou komin Katye Moren, Limonad, Akil dinò, Plèn dinò, dapre divès medya.

Jedi 21 desanm 2023 a, gwo van ak lapli ki t ap tonbe nan Okap te lakoz yon pye kayimit, ki gen plizye santèn lane nan lakou Palè Sansousi Milo, te tonbe.

Yon lot kote, gwo lapli ki te tonbe dimanch 17 desanm 2023 a, nan komin Baradè, depatman Nip, te kraze anpil jaden, dapre temwayayy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [je emb rc apr 05/01/2024 11:30]