Pòtoprens, 26 novanm 2002
Deklarasyon
Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP) kondane ak tout fòs li pakèt mannnèv otorite ak patizan rejim nan ap fè, nan finisman ane 2002 sa a, pou anpeche popilasyon an jwenn enfòmasyon kòmsadwa sou evenman k ap pase an Ayiti yo depi apeprè 2 semenn.
GRALIP ap denonse pretès rejim lavalas la ak patizan li yo toujou ap chèche bay tèt yo, pou fè fas kare ak revandikasyon lejitim popilasyon an anfavè lavi miyò nan peyi a. Pou maske feblès li genyen, rejim nan pa janm rate yon okazyon pou choute sou Laprès ki granmoun tèt li a, pou eseye, ak mechanste, asosye Laprès ki granmoun tèt li a nan yon swadizan konplo laboratwa etranje ta ap marinen ak li pou chavire peyi a lanvè landrèt.
Pou GRALIP, depi gen menas k ap fèt sou lavi jounalis, denpi y ap atake medya, tankou sa k sot fèt Okap ak nan Gonayiv kote yo boule yon pati nan Radyo Etensèl nan lannuit
24 pou antre 25 novanm 2002 a, denpi gen mòd zak sa yo k ap fèt, sa vle di gen yon volonte kare bare pou kache yon seri verite. Gen yon volonte kare bare pou bloke Dwa popilasyon an genyen pou jwenn enfòmasyon, tankou yo te anpeche Laprès jwenn enfòmasyon nan moman atak sispèk sou Palè Nasyonal jou ki te 17 desanm 2001 an. Se sitiyasyon sa a ki lakoz 7 jounalis Gonayiv blije antre anba pay denpi 21 novanm 2002 pou yo pa sibi anba loray towo gwonde, pou yo pa kite fidèl ak patizan ki fonn tèt yo andedan lame kanibal devore yo.
Lè nou konsidere fason otorite yo ap jere zafè Amyot Metayer a, GRALIP kwè rejim lavalas la ap antre nan yon sitiyasyon sitirans pou bandi k ap pase enstitisyon peyi a anba pye.
GRALIP leve lavwa devan atitid manfouben otorite ki konsènen yo genyen parapòt ak zak pèsekisyon jounalis yo ap sibi nan men gwoup ak endividi tout moun konnen. GRALIP ap redi non, mil fwa non, nou pa dakò ak sitiyasyon k ap pouse peyi a nan reny sitirans krim k ap fèt nan lavi politik peyi a, sitirans krim ki mete an danje metye jounalis yo ki vle fè travay ranmase enfòmasyon kòmsadwa, bay piblik la sou yon bann evenman malouk k ap brase bil peyi a kounye a.
Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès ap envite konsè ak konfrè jounalis yo kontinye kenbe tèt yo frèt, douvan klima entolerans k ap vale teren pou kenbe pi rèd toujou reny sitirans pou bandi san manman ki jwenn pwoteksyon.
GRALIP ap envite medya yo bay jounalis yo mwayen konsekan, pou pèmèt yo kouvri evenman latwoublay k ap pase nan peyi a, nan yon anbyans kote tout jounalis ak medya yo toujou gen kontak sere youn ak lòt, dekwa pou yo pa tonbe nan okenn pyèj nan ekzèsis metye jounalis la.
GRALIP ap fè chonje, dwa pou jounalis ak medya, yon fason onèt, bay enfòmasyon sou tout sa k ap pase nan lavi peyi a, kit enfòmasyon sa yo fè moun plezi kitenfòmasyon sa yo deranje moun, se yon dwa fondamantal. Deklarasyon inivèsèl Dwa Moun ak Konstitisyon peyi d Ayiti rekonèt Dwa fondamantal sa a pou gaye enfòmasyon, yon fason onèt, san okenn konsiderasyon pou kèlkilanswa rejim ki pito ap voye monte pou yon grenn moun olye li tanmen bon jan aksyon pou amelyore kondisyon lavi tout kategori moun nan peyi a.
Pou GRALIP,
Vario Serant, Kowòdonatè prensipal
Stephane Pierre-Paul, Asistan Kowòdonatè
Ronald Colbert, Administratè