Español English French Kwéyol

Ayiti-Vyolans : Plis pase 50 moun pèdi lavi yo akòz batay pou tè nan Fon Batis

Pòtoprens, 20 nov. 2023 [AlterPresse] — Endividi ak zam, ki te bouche figi yo, asasinen plis pase 50 moun nan 7 tyèm seksyon Fon Batis, komin Akayè, nan nò Pòtoprens, dapre enfòmasyon ki soti bò kote otorite lokal yo.

Zak beny san sa a, ki pase mèkredi 15 novannm 2023 a, se konsekans yon batay pou tè, dapre ajan ekzekitif enterimè Akayè a, Jean Edner Gilles, ki pale 20 novanm 2023 a ak jounalis AlterPresse/ AlterRadio.

Li fè konnen batay pou tè sa a la depi plis pase 40 lane.

Li denonse konpòtman manfouben otorite yo, ki pa janm pran dispozisyon pou mete yon bout nan batay pou tè sa a, nan mitan 2 fanmi nan zòn Fon Batis la. [apr 20/11/2023 17:00]