Deklarasyon jezuit Wanament ak Dajabón yo fè ansanm
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 25 septanm 2023
Pèp ayisyen an ak pèp dominiken an pataje yon istwa ki chaje lyen solidarite ak fratènite, men, ki gen moman dezakò ladan l tou. Trete Lapè 1929 la etabli yon fason pou rezoud nenpòt konfli ant de peyi souvren sa yo. Yo bay chemen diplomasi a priyorite ; si sa pa ta mache, tou de peyi yo angaje yo pou yo ale nan abitraj entènasyonal la. Yo dwe respekte pwosedi sa a, pou n evite tonbe nan pèlen kote yo mete de pèp yo anfas youn ak lòt.
Nan kontèks aktyèl la, nou pa ka pèmèt santiman nasyonalis yo, k ap fleri akòz yon kanal, tounen yon divèsyon pou n pa wè yon menas ki pi enpòtan lontan : y ap bay yon konpayi min kanadyen aksè pou yo eksplwate yon min lò, nan tèt Rivyè Masak la ak kèk lòt rivyè binasyonal. Konpayi min sa a fè anpil dega, tout kote l pase ; li t ap kontamine dlo nou tout bezwen pou n viv la, epi li t ap fè peyizan yo lòt tò ankò.
Nou menm, jezuit k ap viv sou tou de bò fwontyè a, n ap envite lidè Ayiti ak Repiblik dominikèn yo enspire yo de moun k ap viv sou fwontyè a yo, paske yo konn viv an pè ak amoni, yon jan ki pemèt tout moun benefisye. An n ini nou pou fè fas ak defi nou gen an komen yo, epi pou n travay ansanm pou yon fwontyè ki pi fratènèl, ak pou yon zile kote tout moun jwenn lavi ann abondans.
“Renmen ak sèvi nan tout bagay”
24 septanm 2023