Español English French Kwéyol

Ayiti/Rivyè Masak « Se kòz nou tout epi se yon kòz ki jis », dapre Monseyè Romélus

Mesaj Monseyè Willy Romélus*, nan Jeremi, depatman Grandans (Sidwès)

Dokiman sa a rive jwenn AlterPresse 18 septanm 2023

Ayisyen, Ayisyèn sou tout fas tè a, lè a sonnen pou tout bon vre nou konnen nou tout se frè, nou tout se sè. Sa kap pase nan Nòdès la konsènen nou tout. Kòz la, se kòz nou chak, se kòz nou tout épi se yon kòz ki jis.

Nou pa vyole dwa pesonn, nap defann dwa pa nou. Malerezman nou pa gen dirijan pou defann dwa nou.

O kontrè. Moun yo enstale pou mennen bak peyi a, yap defann enterè Sila yo ki ba yo pouvant yo genyen yo.

Gade sa: depi jou pèp la ap sibi tout kalite enjistis nan men gang yo, yo pa janm adrese l yon ti mo. Men kon pèp la pran desten li an men, tout plim nan kò yo leve pou kondane l, men pa pou soutni l.

Ayisyen, Ayisyèn, nou pa bezwen pè: Bondye avè nou. Se pou Bondye nan syèl la mete sou nou fòs ak lespri Li te bay Ti David la pou nou ka vide atè tout Goliath !

Ayiti pap rete atè a. Ak fòs Bondye ki pwomet li yon "théocratie", li gen pou li pran kap li. Ya sezi!

* Ansyen evèk Jeremi
Monseyè emerit dyosèz Jeremi