Pòtoprens., 1er Août 2005 [AlterPresse] --- Yon bizismann Koredisid bandi te kidnape nan Pòtoprens 28 jiyè, epi kenbe an otaj pandan 4 jou, jwenn liberasyon l dimanch 31 jiyè bò 3zè nan maten.
Se ajans près chinwa Xinua ak « The Korea Times » ki bay enfòmasyon an. 2 medya sa yo ki baze sou kontinan azi a jwenn nouvèl bòkote ministè Afè etranjè Koredisid.
Suh Kwang-sik gen 40 lane sou tèt . Li se visprezidan MGA, yon konpayi Koredisid ki espesyalize nan fè rad. Konpayi sa a tabli nan Site Solèy, pi gwo bidonvil nan Pòtoprens.
Dapre yon kominike Ministè afè etranjè Koredisid, kidnapè yo pa rache yon branch nan cheve Suh Kwang-sik. Liberasyon l, toujou dapre kominike a, se rezilta jefò tèt kole Fòs Nasyonzini an Ayiti (MINISTA), Polis nasyonal Dayiti (PNH) ak anbasad Koredisid nan Repiblik Dominikèn.
Sepandan, dapre “Associated press†, “Korean Times†site, gen yon afè 10 mil dola meriken patwon Suh te bay pou kidnapè yo te ka lage l. Lajan sa a te piti lontan pase premye ranson, kidonk premye lajan, kidnapè yo te mande, dapre ajans meriken an.
“Associated Press†baze l sou enfòmasyon li jwenn bòkote yon diplomat Koredisid ki tabli an Ayiti, men ki pat vle yo site non l.
Bandi ak zam te fè dappiyanp sou bizismann Suh Kwang-sik 28 jiyè nan moman misye te sou wout poul al louvri pòt faktori li. [rl vs apr 01/08/05 18:15]