Español English French Kwéyol

Anviwónman : Pwotestasyon nan Pòtoprens apre dlo anvayi plizyè kay nan avni Magloire Ambroise

Pòtoprens, 10 septanm 2023 [AlterPressee] --- Dimanch 10 septanm 2023 a, noun nan avni Magloire Ambroise, nan Pòtoprens, te bloke zòn nan, apre dlo te anvayi anpil kay, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Avni Magloire Ambroise pa twò lwen gran katye Kafou Fèy, gang ak zam Gran Ravin yo anvayi depi dimanch 13 dawout 2023 a.

Jisteman, dimanch 10 septanm 2023 a, moun yo t ap pwoteste kont sa yo rele neglijans ministè travo piblik, yo akize ki pa fè netwayáy nan kannal Bwa Chèn, ki travèse yon pati nan avni Magloire Ambroise.

Travay netwayáy, ki pa fèt nan kannal Bwa Chèn, te lakoz dlo te anvayi anpil anpil kay, nan moman gwo lapli k ap tonbe sou Pòtoprens nan jou sa yo. [jep rc apr 10/09/2023 17:15]