Español English French Kwéyol

Anviwónman : Tanpèt Franklin ap kontinye bay lapli ak loráy sou laplipa depatman peyi d Ayiti yo

Pòtoprens, 23 dawout 2023 [AlterPresse] --- Tanpèt Franklin nan zòn Barahona, nan Sid Repiblik Dominiken, jodi mèkredi 23 dawout 2023 a.

Se sa AlterPresse li nan dènye bilten espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an.

Detan tanpèt Franklin ap pase sou zile Ayiti a, ap toujou gen bon jan aktivite lapli, ki mache ak loráy, pandan jounen an ak aswè, sou depatman Nòdès, Plato santral, Latibonit, Sidès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Li posib pou ta gen dlo ki desann, inondasyon ak debouláy tè, sitou nan zòn Sid yo.

Tout moun dwe rete veyatif, suiv enfòmasyon yo sou jan siklòn Franklin lan ap pase.

Tout moun ta dwe verifye tou si radyo yo gen bon jan pil. Pa mache nan tèt mòn yo ni bò dlo yo. Evite monte sou lanmè a. Gade ki sa w ka rive genyen kote w ye a, tankou manje, dlo, medikaman, flash, elatriye.

Se avètisman espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an bay.

Lannuit madi 22 pou antre mèkredi 23 dawout 2023 a, lapli a te tonbe anpil, ansanm ak gwo kout van, divès kote.

Gen nyáj avèk lapli k ap tonbe, espesyalman nan zòn Sid yo.

Toujou gen gwo kout van k ap soufle sou depatman peyi d Ayiti yo, pandan jounen an.

Nyáj ki anonse lapli yo ap kontinye parèt ni pandan lajounen an, ni aswè.

Kontrèman ak jounen ak lannuit anvan yo, tanperati a fre nan peryòd sa a.

Soti nan nivo 34 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann, ant 26 pou al 20 degre Sèlsiyis, nan aswè.

Kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo dwe evite rantre nan fon lanmè a, ki move anpil.

Vag yo ap monte nan nivo 7 pye wotè bò kòt Nò yo ak 5 pye wotè bò kòt Sid peyi d Ayiti yo. [rc apr 23/08/2023 10:30]