Pòtop., 1e out 05 [AlterPresse] --- Roger Francisco Noriega anonse semèn pase li demisyone kòm Sekretè Deta an aprè ki reskonsab dosye Amerik Latin nan depatman Deta Lèzetazini. Li fè konnen a pati mwa sektanm ki ap vini la li pral travay nan sektè prive.
Kesyon poze sou demisyon sa a. An tank Sekretè Deta an aprè ki reskonsab dosye Amerik Latin nan depatman Deta Lèzetazini, Roger Noriega te sitou konn travay sou Ayiti, Venezyela ak Kiba. Men lòt jou la, nan dat 28 jiyè, sekretè Deta Ameriken an, Condoleezza Rice, nonmen Caleb McCarry nan on pòs li rele "Kowòdinatè pou tranzisyon nan Kiba".
Daprè anpil moun, se sa ki ta lakòz demisyon Noriega. Piske sou Kiba, youn nan dosye ki pi cho nan zòn nan, jòb li a ap prèske pa enpòtan ankò. Dayè ta sanble Man Rice pat mande l sal panse lè li t ap kreye pòs sa.
Anvan li te antre kòm dirijan nan depatman Deta, Roger Noriega, te anbasadè Lèzetazini nan à’ganizasyon Leta Ameriken (OEA) ant 2001 a 2003.
E, pandan li te nan tèt diplomasi latino-amerikèn nan pou washington, Noriega te konn fè kèk deklarasyon pimanbouk kont on seri dirijan nan zòn nan ki pa danse kole ak Meriken.
Sa pa gen lontan, Noriega te deklare : "Chavez dwe renmen pòv on lo paske li rann on bon pakè moun vin pòv". E pa pita ke semèn sa, Roger Noriega, te deklare douvan Kongrè Ameriken an, "pi gwo sèvis peyi Karikom yo ta ka rann Ayiti se rekonèt gouvènman tranzisyon an. Sa ta ka fè bandi lavalas yo pèdi espwa e sispannzak vyolans nan peyi a".
Aprè 2 zan kòm gwo dirijan depatman deta, Roger Francisco Noriega deside al travay nan sektè prive, a pati mwa sektanm ki ap vini la. [wa gp apr 01/08/2005 10:00]