Lyankou (Atibonit / Ayiti) --- Dimanch 23 jiyè 2023 a, gwoup gang ak zam ki bay tèt yo non Baz gran grif Savyen yo asasinen pou pi piti 3 moun, blese yon dizèn lòt moun, kidnape 10 lòt moun, boule yon dizèn kay, pami yo Radyo Antatik, nan komin Lyankou, depatman Latibonit, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Depi koumansman lane 2023 a, Baz Gran grif Savyen yo fè anpil dega nan komin Lyankou.
Mèkredi 25 janvye 2023 a, bandi ak zam Gran grif yo te asasinen 6 polisye nasyonal nan yo atak yo te fè kont komisarya polis Lyankou a.
Polisye nasyonal, ki te pèdi lavi yo, se te Kether LOUIS, Mackès BADIN, Donalson INNOCENT, Norabert AURELUS, James Junior FELIX et Camille PIERRE. Gen yon 7tyèm polisye nasyonal, Osny MESADIEU, ki te blese anba bal nan atak lan, k al rann dènye souf li lopital, dapre yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh). [jep rc apr 23/07/2023 16:00]