Español English French Kwéyol

Anviwónman: Kolektif Jistis min lonje dwèt sou peyi enperyalis yo ki kreye kondisyon latwoublay pou vin piye richès peyi d Ayiti yo

Pòtoprens, 20 jiyè 2023 [AlterPresse] --- Kolektif Jistis min (Kjm) lanse yon kout rèl sou gwo malè ki pandye sou tè pou fè agrikilti, travay, lasante, anviwonman, dlo nan dives peyi sou latè a, espesyalman nan peyi d Ayiti, nan yon nòt li voye bay platfòm AlterPresse/AlterRadio.

Nan lokazyon 22 jiyè, ki se Jounen mondyal kont espwatasyon min, Kolektif Jistis min mande tout òganizasyon pwogresis yo, òganizasyon k ap feraye nan anviwónman yo, òganizasyon dwa moun yo ak òganizasyon peyizan, popilasyon ayisyen an, mobilize pou KANPE MIN kont ekonomi kolonyal, nannan pwojè sivilizasyon 1492 la.

Fòm espwatasyon min sa yo louvri pòt pou pèmèt koripsyon taye banda pi rèd, dapre Kjm.

« Se popilasyon an ki dwe dwe kale je l, paske peyi enperyalis yo toujou kache dèyè epi envesti gwo lajan pou kreye latwoublay anndan peyi, ki gen resous min yo, yon fason pou yo ka jwenn fenèt pou yo rantre vin piye pi byen ».

Kolektif Jistis min wete chapo l douvan batay, divès pèp toupatou sou latè ap mennen pou defann lavi, anviwónman, fas ak sistèm kapitalis neyokolanyal fewòs la, ki kwè tout sa ki nan anviwónman an, espesyalman resous natirèl anba tè yo, se ta machandiz pou fè lajan.

Kolektif Jistis min pwofite dat 22 jiyè a, ki se Jounen mondyal kont espwatasyon min, pou kore goumen tout pèp sou latè, ki kanpe anfans pwojè kolonyal yo, pou dwa grandèt majè ak byenèt yo.

Gen nesesite tou pou sitwayèn ak sitwayen yo kanpe anfas biznis miltinasyonal yo nan peyi yo, detan y ap « pote kole nan konstui yon mouvman mondyal kont enpreyalis fewòs la, konpayi min yo, boujwa reyaksyonè, politsyen malonèt, ki fè yon sèl pou detwi nou kòm pèp ».

Nan moman kote premye minis defakto a Ariel Henry pa sispann mande kominote entènasyonal la vin deplòtonnen yon fòs militè entènasyonal pou vin fè fas kare ak degenn gang ak zam yo, Kolektif Jistis min voye yon pinga kont tout lide ki ta vle « fè resous natirèl anba tè peyi d Ayiti yo sèvi mwayen pou peye militè etranje, pou vin bay pouvwa defakto a sekirite ak anrichi sistèm kapitalis la ». [ppsf rc apr 20/07/2023 17:10]