Español English French Kwéyol

Ansyen premye minis defakto Joseph Jouthe anfavè pou Ariel Henry ta reponn kesyon lajistis sou dosye ansasinay Jovenel Moïse la

Pòtoprens 27 jen 2023 [AlterPresse] --- Ansyen premye minis defakto Joseph Jouthe fè konnen si l te nan plas Ariel Henry, chèf gouvènman defakto ki la a, li ta pral bay lajistis esplikasyon pa l sou kò sasináy ki te fèt sou ansyen prezidan defakto Jovenel Moïse la, 7 jiyè 2021.

Li fè deklarasyon sa a bay plizyè repòtè nan moman li te sot reponn kesyon jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire, lendi 26 jen 2023 a, nan Pòtoprens.

Jij Voltaire se senkyèm majistra k ap kondi ankèt la apre 4 lòt, ki te retire kò yo nan dosye a.

Komisè gouvènman Bed-Ford Claude te mande youn nan jij sa yo, Gary Orélien, pou tande Ariel Henry, ki te gen dwèt lonje sou li nan krim nan.

Jouthe swete pou lajistis peyi d Ayiti fè menm jan ak lajistis peyi Etazini kote ankèt lajistis ap vanse san kanpe sou ansasinay ansyen prezidan defakto a.

Nn dat 2 jen 2023, lajistis ameriken kondane biznismann ayisyen Joseph Jaar pou pase tout vi li nan prizon, poutèt li te ede atoufè kolonbyen jwenn zam pou ansasinen Jovenel Moïse.

Dapre dosye lajistis ameriken an, gen 11 moun ki mele nan zak la ki nan prizon nan peyi Etazini.

Gen yon karantèn moun ki nan prizon tou nan peyi d Ayiti, pami yo 18 Kolonbyen, poutèt yo ta patisipe nan kò ansasinay la. [apr 27/06/2023 07:00]