Pòtoprens, 28 me 2023 [AlterPresse] --- Peyi d Ayiti dwe pran wout, ki pa miwo, miba, kote tout bagay va mache kòmsadwa.
Se dizon Bank mondyal, nan yon nòt li voye bay AlterPresse, sou vizit yon delegasyon Bank mondyal te fè nan peyi d Ayiti, ant lendi 22 pou rive mèkredi 24 me 2023 a.
Pou Bank mondyal, bon jan dispozisyon konsekan, se ta premye etap nan yon chimen tranzisyon lajman laj, ki ka fè vin gen konfyans ant popilasyon an ak gouvènman.
Bank mondyal pale konsa, apre divès chita pale yon delegasyon, li te voye, sot fè, nan peyi d Ayiti, ant lendi 22 pou rive mèkredi 24 me 2023 a.
Bank mondyal di li te tanmen sa l rele konsiltasyon, pou l ka rive met kanpe yon pwogram 5 lane, ant lane 2024 pou rive lane 2028, nan relasyon patnè ak peyi d Ayiti.
Sa Bank mondyal di l ap rapousuiv avèk nouvo pwogram 5 lane, k ap vini yo, se pou kore peyi d Ayiti, k ap viv youn nan move moman nan istwa l.
Pou sa fèt, li nesesè pou idantifye pa ki mwayen, ki jan y ap rive remete kanpe yon sistèm jesyon piblik ki ka bay bon jan rezilta, ki jan y ap rive kenbe sèvis piblik (sèvis Leta) ki pi enpòtan pou popilasyon an epi ki jan y ap kapab fè ekonomi a reprann eskanp figi l, pou l grandi kòmsadwa.
Bank mondyal di li rekonèt peyi d Ayiti ap fè fas kare ak yon pil ak pakèt defi, yo pa kapab jwenn bout yo nan sitiyasyon ki genyen kounye a, kote peyi a ap soufri anba yon kriz politik ak yon kriz nan enstitisyon yo k ap kontinye layite nètalkole.
Sitiyasyon an degraba, ni nan nivo politik, ni nan ekonomi a, ni nan nivo sosyal, ni nan sa ki arevwa ak sekirite.
Se pou sa tout gwoup konsènen yo, tout gwoup ki pi enpòtan yo, yo dwe fè jefò tèt ansanm pou rive jwenn, an ijans, solisyon, pou jesyon politik peyi a fèt kòmsadwa, pou sila ki gen mayèt yo rann kont sou sa y ap fè yo. Li nesesè tou pou sèvis ki pi enpòtan yo bay bon jan rezilta, epitou pou gen plis pòtinite, plis posiblite nan ekonomi a.
Nan nòt, li rann piblik vandredi 26 me 2023 a, Bank mondyal pa di ki sa l rele sèvis kle yo, sèvis ki pi enpòtan yo.
Men, bank mondyal di li nesesè pou ekonomi a retounen nan yon sitiyasyon nòmal, ki pa an degraba. Epitou, li nesesè pou sekirite piblik la retabli kòmsadwa.
Dwe gen dispozisyon kont tout sa, ki fè peyi d Ayiti vin tonbe nan yon sitiyasyon frajil rèd mare.
« Lè gen tout makònay sa yo, lè gen kriz politik san gade dèyè yo, lè gang ak zam yo ap plede simaye vyolans toupatou, lè vin gen epidemi (bank mondyal pa di ki epidemi li vin wè ki genyen nan dènye lane sa yo), tout makònáy sa yo vin rann peyi d Ayiti frajil anpil ».
Se dizon natif natal peyi Mòldavi, an Ewòp, Lilia Buruncluc, ki se direktris Bank mondyal pou peyi Karayib yo.
« Nan sitiyasyon frajil sa a, sa k pi enpòtan kounye a, pi vit posib, nan yon tan ki pa long, dwe gen dispozisyon ki pou pèmèt gwoup frajil yo kontinye viv kòmsadwa kapab jwenn manje pou yo manje, elatriye ».
Se dizon Ayat Soliman, ki se direktris estrateji ak operasyon Bank mondyal pou rejyon Amerik latin ak Karayib yo, ki di tou « yo ta dwe ede gouvènman defakto a tanmen refòm, pou twoke kòn ak tout sa ki rann peyi d Ayiti frajil konsa, epitou ak tout sa ki anpeche peyi d Ayiti mache ak grandi kòmsadwa ».
Ayiti, se premye peyi Ayat Soliman te vizite, lè l te fèk pran pòs anchaje estrateji ak operasyon Bank mondyal pou rejyon Amerik latin ak Karayib yo, dapre nòt Bank mondyal la.
Malgre sitiyasyon briganday ki genyen nan peyi d Ayiti, depi plizyè mwa, malgre gang ak zam yo kontinye ap simaye vyolans toupatou, san pa gen okenn dispozisyon pou kwape yo, minis defakto ekonomi ak finans lan, Michel Patrick Boisvert, deklare « ak sipò Bank mondyal, gouvènman defakto li a rive fè anpil pwogrè nan agrikilti, nan jesyon piblik, nan edikasyon, nan pèmèt moun rive jwenn lasante kòmsadwa, nan fè fas kare ak menas ak katastwòf yo, nan pèmèt moun rive jwenn sèvis enpòtan, tannkou transpò nan milye riral yo ».
Nan nòt li a, Bank mondyal pa bay detay, ni presizyon sou pwogrè minis defakto Michel Patrick Boisvert konsidere gouvènman defakto a ta fè yo. Yon gouvènman defakto, ki la depi plis pase 22 mwa, depi lè yon tweet Kominote entènasyonal la te fè Ariel Henry enstale tèt li nan direksyon politik peyi d Ayiti a, nan dat madi 20 jiyè 2021.
Ant lendi 22 pou rive mèkredi 24 me 2023 a, Bank mondyal di li te voye yon delegasyon al chita pale ak manm gouvènman defakto a, ak patnè devlopman yo (li pa site non ki patnè devlopman) epi ak reprezantan sektè prive a (Bank mondyal pa di ki yès ki te l kòm reprezantan sektè prive Ayiti a) di sou pwogram 5 lane k ap vini yo, ant 2024 pou rive 2028. [rc apr 28/05/2023 16:00]