Pòtoprens, 13 avril 2023 [AlterPresse] ---Gen danje dlo, ki ka desann bridsoukou, sou kèk tèt mòn peyi d Ayiti yo, finisman semenn sa a.
Se avètisman sa a, espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an bay, nan dènye bilten enfòmasyon yo, sou posiblite bon jan aktivite lapli ak loray sou laplipa depatman peyi d Ayiti yo.
Toujou gen imidite ak lòt kalte boulvès nan tan an, sou gwo zile Karayib yo, jodi a.
Sitiyasyonn sa a ap lakoz aktivite lapli, ki mache ak loray, nan finisman apremidi ak aswè, sou depatman Nòdès, Nò, Plato santral, Latibonit, Nòdwès, Sidès, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Gen solèy ak gwo kout van, k ap soufle, divès kote, sou depatman peyi d Ayiti yo, pandan jounen an.
Gen nyaj, divès kote, sou depatman peyi d Ayiti yo, depi nan maten.
Ap gen nyaj, epi tan an pral fèmen, nan finisman apremidi ak aswè.
Soti nan nivo 33 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann, ant 24 pou al 21 degre Sèlsiyis, nan aswè.
Kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe pran prekosyon nesesè yo, sou lanmè a, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.
Vag yo ap monte nan nivo 6 pye wotè bò kòt Sid yo ak 5 pye wotè bò kòt Nò peyi d Ayiti yo. [rc apr 13/04/2023 12:45]