Pòtoprens, 30 mas 2023 [AlterPresse] — Vyolans, Vivy Mitchel, Okay, pwojè ranfòsman lapolis…
Apremidi jedi 30 mas 2023 a, avèk gwo kout zam yo t ap tire, bandi al simen laterè nan zòn Vivy Mitchel, ant Dèlma ak Petyonvil. Lapolis voye plizyè inite l yo, pou al eseye kwape degenn bandi ak zam sa yo, dapre temwayaj ki vin jwenn AlterPresse/AlterRadio.
Jedi 30 mas 2023 a, bandi ak zam kidnape ankò plizyè moun nan Pòtoprens ak Dèlma, pami yo plizyè anplwaye yon makèt.
Gang ak zam yo rive gen nan men yo anpil gwo mwayen, tankou dron, pou kontinye fè zak kidnaping, nan peyi d Ayiti, dapre sa jounal ameriken Miami Herald ekri.
Ak sipò pakè tribinal sivil Okay la, lapolis nan Sid pwomèt l ap deplòtonnen plis polisye nan lari, espesyalman nan vil Okay, kèk jou apre bandi ak zam asasinen ak bal 2 komèsan.
Jedi 30 mas 2023 a, plizyè avoka bawo Pòtoprens yo òganize yon mouvman pwotestasyon, pou ekzije aktivite yo reprann nan 18 espas tribinal peyi d Ayiti yo, ki paralize depi madi 7 mas 2023 a, akoz grèv grefye yo tanmen an.
Mèkredi 29 mas 2023 a, gouvènman defakto a siyen, ak anbasad Kanada nan peyi d Ayiti, yon pwotokòl akò 10 milyon dola Kanadyen (yon dola kanadyen vo 115 goud jodia), ki vle di yon milya 150 milyon goud, pou ranfòse Akademi nasyonal polis la, nan objektif pou fè fas kare ak klima laterè a.
Nou vle yon solisyon, Ayisyèn ak Ayisyen yo va pote, avèk sipò Kominote Karayib yo (Caricom), nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a, depi plizyè mwa. Nou voye jete tout lide pwojè, pou yon lòt fòs militè etranje ta vin deplòtonnen ankò nan peyi d Ayiti. Se pozisyon Asanble pèp Karayib yo, nan yon lèt tou louvri yo voye bay chèf gouvènman Kominote peyi Karayib yo (Caricom).
Tout fòs militè, ki ta vin deplòtonnen ankò nan peyi d Ayiti, p ap pote okenn solisyon, nan katyouboumbe ki genyen an, menm jan nou te wè Minustah ak Core Group lakoz gwo dezas, sou teritwa nasyonal la. Se dizon Mouvman sosyal ak politik Repiblik Dominiken an, nan yon dokiman yo remèt, Santo Domingo, bay anbasad Ayiti a, mèkredi 29 mas 2023 a, okazyon 36 lane depi popilasyon an te vote anfavè Konstitisyon 29 mas 1987 la.
Ant mas lane 2023 pou rive mas lane 2028, sou 60 mwa, gen yon pwojè k ap tabli, nan plizyè vil depatman Sidès peyi d Ayiti a, pou ranfòse kapasite kont boulvès nan anviwónman an, apati dlo potab.
[jep rc gp apr 30/03/2023 20:00]