Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Pwoblèm fonksyonman lopital, lekòl, administrasyon Leta akòz ensekirite…

Pòtoprens, 29 mas 2023 [AlterPresse] — Pwoblèm fonksyonman lopital, lekòl, administrasyon Leta akòz ensekirite…

Akoz klima laterè a, anpil anpil fanmi blije ap kouri kite kote yo rete. Lopital yo pa ka bay sèvis laswenyay kòmsadwa. Lekòl, inivèsite, biwo leta yo, pa t mache byen ditou. Dwa pou moun viv nan sekirite pase anba pye. Konpòtman gouvènman defakto a montre li na alyansay ak bandi ak zam yo, pou kenbe popilasyon an nan soufrans. Se kout rèl, sou AlterPresse/AlterRadio, Platfòm òganizasyonn ayisyen dwa moun yo (Pohdh).

Mèkredi 29 mas 2023 a, plizyè moun blese, pami yo yon fanm ki resevwa yon bal nan tèt li, lè yon bouch louvri pete nan lakomin Taba a, ant polisye ki konvèti tèt yo kòm raketè ak plizyè moun, ki vin fè demann paspò.

Loréus Germain, se moun yo sispèk, ki ponyade ak kout kouto pitit li Lorscadet Germain, ki te gen 23 lane sou tèt li. Misye nan mawon, depi sa pase lannuit madi 28 mas 2023 a, nan Ka Leon, yon lokalite nan katriyèm seksyon kominal Ansagalè, sou zile Lagonav la. Lorscadet Germain t ap eseye mande kalmi bò kote papa l, ki te gen yon bouch louvri ak madanm ni, dapre temwen.

Clervilus Harry Day, se non yon jenn gason Lapolis arete nan Sen Mak, dèske l al marye, nan yon legliz Sen Mak, depatman Latibonit, ak yon lòt madanm, malgre li te marye deja ak yon madanm, li gen 2 timoun avè l.

29 mas 2023 a fè 36 lane, depi popilasyon an te vote anfavè Konstitisyon 29 mas 1987 la. Depi apeprè 2 lane, kontrèman ak sa Konstitisyon 29 mas 1987 la prevwa, moun pa ka mache lib e libè, sou teritwa nasyonal la, akoz degenn gang ak zam yo ki pran kontwòl anpil kote nan peyi a, san lapolis toujou pa fè anyen pou kwape yo.

Nou pa nan referandòm pou chanje Konstitisyon 29 mas 1987 la. Se avètisman manm plizyè òganizasyon, ki te reyini, mèkredi 29 mas 2023 a, sou plas Konstitisyon an, sou Channmas la, Pòtoprens. Yo lonje dwèt sou gouvènman defakto a, ki nan tetelang ak gang ak zam yo, ki mete peyi a sou gwo kè sote, nan gwo pwoblèm sekirite.

Alòske yo ta dwe gadyen Konstitisyon an, prezidan, ki pase nan tèt pouvwa politik la, nan peyi d Ayiti, toujou pase anba pye Konstitisyon an, yo pa janm suiv kòmsadwa. Se dizon, sou AlterPresse/AlterRadio, pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod).

Pa gen nesesite, jounen jodi a, pou gen pase men nan Konstitisyon 29 mas 1987 la, ki gen 36 lane jodi a. Se pa Konstitisyon an ki pwoblèm nan. An jeneral, responsab Leta yo pa janm vle respekte lalwa, jan Konstitisyon an mande sa. Se konsiderasyon pati politik Òganizasyon pèp k ap lite (Opl), ki t ap pale ak AlterPresse/AlterRadio.

Madi swa 28 mas 2023 a, seleksyon nasyonal foub gason Ayiti a bat Bermudes 3 gòl ak youn. Match lan te jwe nan peyi Repiblik Dominiken, akoz klima laterè, ki genyen sou teritwa nasyonal la. 5 gany ak yon match nil, se rezilta seleksyon nasyonal foutbòl gason an, nan Gwoup B, Konfederasyon foutbòl peyi Amerik diNò, Amerik santral ak Karayib yo.

[jep rc gp apr 29/03/2023 20:00]