Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : 36 an konstitisyon 1987, grèv doktè kont ensekirite, espè endepandan Nasyonzini…

Pòtoprens, 28 mas 2023 [AlterPresse] — 36 an konstitisyon 1987, grèv doktè kont ensekirite, espè endepandan Nasyonzini…

Peyi d Ayiti pa gen pwoblèm Konstitisyon. Konstitisyon 29 mas 1987 la ankouraje respè dwa moun ak pwogrè, lè l prevwa bon jan pase men nan agrikilti, nan edikasyon, nan zafè desantralizasyon elatriye. Se dizon, sou AlterPresse/AlterRadio, pwofesè Victor Benoit, sou mannèv gouvènman defakto a, ak sipò plizyè peyi nan kominote entènasyonal la, pou kraze Konstitisyon 29 mas 1987 la.

Gouvènman defakto a pa gen misyon pou chanje Konstitisyon an. Se move lide li gen nan tèt li. Se pa sa, ki pwoblèm peyi d Ayiti, nan moman an. Pami misyon l, se mete sekirite sou teritwa nasyonal la. Konstitisyon 29 mas 1987 la rezoud 3 pwoblèm : respè dwa moun, anpeche diktati retounen ankò ak kesyon pou chaje Konstitisyon an chak lane. Se deklarasyon, sou AlterPresse/AlterRadio, Georges Michel, ki se youn nan moun, ki te patisipe nan ekri Konstitisyon 29 mas 1987 la.

Rasanbleman sitwayèn ak sitwayen, ki pot non Kowalisyon Ayisyen nan Kanada kont diktati nan peyi d Ayiti, leve lavwa kont fòs reyaksyonè, nan konplisite ak Pati ayisyen tèt kale a (Phtk) plis yon moso nan kominote entènasyonal la, atravè say o rele Core Group la, ki ta vle kraze tout gany, Konstitisyon 29 mas 1987 la pote, nan lojik pou gonfle tout pouvwa nan men yo.

Madi 28 mas 2023 a, yon moun bandi ak zam t ap eseye kidnape blese, yon polisye nasyonal blese tou, dapre lapolis ki fè konnen li anpeche zak kidnaping sa a fèt, sou Lali a, nan Pòtoprens.

Doktè rezidan Lopital Leta Jistinyen an, Okap, depatman Nò peyi a, deside sispann travay, apre bandi, ki te bouche figi yo, t al anvayi espas lopital la ak agrees doktè rezidan yo. Doktè rezidan yo ekzije yon anviwonman sekirite ak pi bon kondisyon travay nan lopital Jistinyen Okap la.

Apre Bank nasyonal kredi (Bnc), semen pase, se tou pa Sogebank, ki deside, semen sa a, fèmen sikisal li genyen nan ri Pave a, Pòtoprens, akoz klima laterè ki blayi anba lavil la.

Vyolans san parèy gang ak zam yo lakoz yon pakèt kò sasinay, zak kidnaping ak fòse plizyè milye moun, fanm, gason, timoun, ap plede deplase sou teritwa Ayiti a. Se yon ranmase Amnesty International, nan rapò lane 2022 li a, li fèk soti a.

Nan jou k ap vini yo, Konsèy dwa moun Òganizasyon Nasyon zini yo pral vote yon rezolisyon, ki prevwa yo va lonmen yon espè endepandan, k ap anchaje ekzaminen sitiyasyon dwa moun nan peyi d Ayiti. Se sa k soti nan bouch yon pòtvwa Konsèy dwa moun Nasyon zini yo, nan Jenèv, peyi Laswis.

Peyi d Ayiti ta bezwen yon fòs entènasyonal vin deplòtonnen sou teritwa li a. Se deklarasyon chè diplomasi Inyon peyi Ewòp yo, Josep Borrell, ki t ap pale ak prezidan dominiken an Luis Abinader, dapre sa jounal dominiken Diario Libre rapòte.

[jep rc gp apr 28/03/2023 20:00]