Pòtoprens, 24 mas 2023 [AlterPresse] — Boulvès pou bank, lekòl… Tyouboum vyolans, vanse nan zafè Jovenel Moïse, sanksyon Kanada…
Akoz klima laterè a, Bank nasyonal kredi (Bnc) anonse li sètoblije fèmen sikisal, li genyen nan ri Pave a, Pòtoprens.
Klima laterè a lakoz elèv ak etidyan pa ka ale nan lekòl, ni nan inivèsite. Anpil lekòl ak inivèsite blije fèmen. Se nan konfyolo ak gouvènman defakto a, pou ranfòse lapèrèz sou popilasyon an ak ankouraje militè etraje vin deplòtonnen sou teritwa nasyonal la, bandi ak zam ap fè kidnapin sou elèv ak sila k ap feraye nan edikasyon an, nan peyi d Ayiti. Se dizon Regwoupman edikasyon pou tout moun (Rept).
Gen gwo malè, ki pandye sou tèt peyi d Ayiti, kote anpil moun kapab mouri, avèk degenn gang ak zam yo ki anvayi laplipa katye, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Dotan plis, grangou an ap vin pi rèd chak jou pi plis. 8 sou 10 moun sètoblije redui anpil nan valè ak kalite sa yo te konn manje. Se kout rèl Pwogram nasyon zini pou lamanjay, yo plis konnen sou non Pam.
Peyi d Ayiti sot viv ankò yon lòt semenn beny san, avèk anpil anpil moun bandi ak zam asasinen ak blese anba bal, sou teritwa nasyonal la.
« Peyi d Ayiti kontinye antre nan tyouboum chak jou, plis pase 20 mwa depi yon tweet mete Ariel Henry kòm premye minis defakto. Gouvènman defakto a kite peyi a tounen yon lanfè pou tout fanm ak tout gason, k ap viv ladan. Gang ak zam yo ap simen laterè toupatou. Pa gen okenn katye, kip a sibi anba vyolans gang ak zam yo. Timoun, granmoun ki gen anpil laj yo, fanm ansent, tout moun anba menas kidnaping, anba menas kadejak ak menas kout zam k ap tire tribò babò ». Se kout rèl Mouvman Montana a ki te siyen akò 30 dawout 2021 an.
Plizyè òganizasyon politik lonje dwèt sou ipokrizi ak konpòtman woule m 2 bò gouvènman defakto a, ki pa montre okenn volonte pou fè fas kare ak katyouboumbe, peyi a plonje ladan an, depi plizyè mwa.
Vandredi 24 mas 2023 a, Rudolph Jaar, ki gen nasyonalite Ayiti ak Chili, rekonèt, douvan yo jij amerieken, li koupab, nan sa ki arevwa ak kò sasinay, 7 jiyè 2021 an, sou ansyen prezidan defakto a, Jovenel Moïse lan. Rudolph Jaar pami 11 moun, lajistis nan peyi Etazini sispèk ki ta ede nan jwenn machin ak zam, ki soti nan leta Florid, pou ta vin asasinen Jovenel Moïse.
Ansyen senatè Nènel Cassy ak biznismann Steeve Khwaly nan Jakmèl : se 2 nouvo moun, gouvènman peyi Kanada a di li pran sanksyon kont yo, nan dat vandredi 24 mas 2023 a.
Gouvènman peyi Kanada a anonse li dispose akeyi, 15 mil migran, ki ta soti nan peyi d Ayiti, pou vini nan avyon sou teritwa Kanada a, dapre sa anbasadè Kanada a nan peyi d Ayiti fè konnen.
Kominote entènasyonal la dwe voye je sou peyi d Ayiti, dapre gouvènman peyi Lespay, ki t ap patisipe nan 28tyèm woumble, ki fèt chak lane, ant gouvènman Lespay ak chèf leta plis chèf gouvènman peyi Amerik latin, ki te sou lobedyans Lespay an epòk lesklavay la.
[jep rc gp apr 24/03/2023 20:00]