Español English French Kwéyol

Ayiti : Gen gwo pwoblèm dlo nan Kòniyon/Gran Bwa depi janvye 2023 a

Kòniyon/Gran Bwa (Ayiti), 19 mas 2023 [AlterPresse] --- Depi koumansman mwa janvye 2023 a, gen yon gwo ratman dlo nan komin Kòniyon/Gran Bwa, kin a depatman Lwès la, dapre temwayaj, sou AlterPresse ak AlterRadio, yon moun nan zòn nan, ki rele Jean Junior Bertho.

Nan 3 seksyon kominal Kòniyon/Gran Bwa, moun yo pa jwenn ni dlo pou bwè, ni dlo pou yo sèvi, pou benyen, fè manje, fè lesiv elatriye.

Ratman dlo sa a kapab pote gwo konsekans sou lasante moun nan komin Kòniyon/Gran Bwa yo. [jep rc apr 19/03/2023 13:00]