Español English French Kwéyol

Ayiti - Klima laterè : Anpil dega

Pòtoprens, 19 mas 2023 [AlterPresse] --- 2 moun mouri, vandredi 17 mas 2023 a, lè bandi ak zam atake kominote Malik, nan Petyonvil, nan lès Pòtoprens, dapre temwayaj, ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Nan atak sa a, bandi ak zam pike dife nan plizyè kay epi boule pou pi piti 19 machin, pami yo machin jounalis Cossy Roosevelt.

Samdi 18 mas 2023 a, tansyon an te rapousuiv nan plizyè katye komin Petyonvil la, tankou Doko, Dyèg, Morèt, Meyòt, Kòlèt. Nan zòn sa yo, bandi yo t ap tire anpil kout zam.

Se yon sistiyasyon, ki pouse pil ak pakèt fanmi t ap kouri kite Malik, finisman semen pase a.

Jedi 9 mas 2023 a, bandi ak zam te asasinen anpil moun nan Petyonvil ak Fò Jak. Nan Fò Jak, yo touye yon papa ak yon manman yon menm fanmi, detan yo blese ak bal pitit fi manman ak papa, yo te touye yo.

Jedi 9 mas 2023 a, bandi ak zam pike dife nan anpil kay, nan Belo. Yo te met dife tou nan yon pakèt machin, sou wout Frè a.

Jedi 9 mas 2023 a, endividi, ki te gen gwo zam lou nan men yo, te tire anpil nan zòn Pegivil, Meyòt, Kòlèt, Frè, Kafou Sent Klè, Chatoblon (tou pre akademi polis la), Bèlvil, Pènye ak lòt zòn nan Petyonvil.

Yon lòt bò, tansyon an te wo anpil, samdi 18 mas 2023 a, nan sant Pòtoprens lan, kote zam t ap chante tribò babò, pandan jounen an. Gen anpil moun ankò, ki t ap kouri kite zòn ak altan Belè, douvan klima laterè bandi ak zam te kontinye simen yo. [jep emb rc apr 19/03/2023 14:00]