Pòtoprens, 5 mas 2023 [AlterPresse] --- Tansyon an ogmante anpil, dimanch apremidi pou rive nan aswè 5 mas 2023 a, nan plizyè katye anba lavil Pòtoprens lan, kote, depi yon semenn, popilasyon yo pa gen souf ditou anba kout zam k ap chante yo.
Temwayaj, ki vin jwenn AlterPresse, fè konnen sitiyasyon an vin pi konplike nan Dèlma 24, Nazon, Solino ak Ti Cheri.
Tout moun se kouche plat atè.
Yon abitan nan zòn nan pataje ak nou sa l ap viv. Se gwo detonation yo tande san rete, nan tout direksyon.
Nan sitiyasyon sa a, fanmi, ki rete sou plas toujou, blije fè tout moun kouche plat atè epi abrite yo pou pa pa viktim.
Yon abitan nan zòn Ba Dèlma fè nou konnen, nan moman li t ap antre lakay li, anvan 7è diswa, anba kout zam, li rankontre anpil moun ki blije kouri kite kay yo ankò.
Se yon egzòd, ki pa kanpe depi yon semenn.
Otorite yo toujou fè silans anfas sitiyasyon vyolans, tansyon sa a, k ap angrave kriz imanitè a. [apr 05/03/2023 20:00]