Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Nesesite sipò entènasyonal kont gang, gran grif, sanksyon, ekonomi, paspò, kanntè, rapatriman…

Pòtoprens, 11 fevriye 2023 [AlterPresse] — Nesesite sipò entènasyonal kont gang, gran grif, sanksyon, ekonomi, paspò, kanntè, rapatriman…

1. Otorite Leta yo pa pran okenn dispozisyon konsekan, pou kwape degenn gang ak zam yo, sou teritwa nasyonal la. Kominote entènasyonal la dwe gade an ijans kouman sitiyasyon dwa moun yo ap depafini rèd mare nan peyi d Ayiti. Se kout rèl wo komisè dwa moun nan Òganizasyon Nasyon zini yo, Otrichyen Volker Turk, apre 3 jou vizit nan peyi d Ayiti.

2. Lapolis nasyonal la bezwen jwenn yon sipò entènasyonal tousuit, ki byen chita, pou ranfòse kapasite l, pou asire sekirite kòmsadwa, ki koresponn ak dwa fondamantal moun. Se sa Volker Turk swete, nan finisman yon vizit 3 jou nan peyi d Ayiti.

3. Ministè edikasyon nasyonal leve lavwa kont kò sasinay anba bal, bandi ak zam Gran grif Savyen yo fè, madi 7 fevriye 2023 a, sou yon elèv 4 triyèm ane fondamantal, Alfred Fedins, 10 zan, ki te nan sal klas li, nan komin Lyankou, Ba Latibonit.

4. Vandredi 10 fevriye 2023 a, yon moun mouri ak plizyè lòt blese, lè gang ak zam t ap eseye kidnape 2 moun, ki te nan yon machin, nan Dèlma 33.

5. Apati vandredi 10 fevriye 2023 a, Sant Gheskio deside kanpe tout aktivite l yo, pou pwoteste kont zak kidnaping, bandi ak zam fè sou youn nan responsab li yo, doktè Carine Sévère, jedi swa 9 fevriye 2023 a.

6. Paske yo pa gen menm kantite byen, jan yo genyen nan Kanada, gouvènman peyi Etazini a pa rive pran sanksyon, nan menm nivo ak gouvènman peyi Kanada a, kont gwo biznismann Gilbert Bigio ak Sherif Abdallah, ki te met kanpe apeprè 20 biznis nan yon seri peyi, kote yo p ap peye taks. Se dizon, sou AlterPresse/AlterRadio, ekonomis ak espesyalis nan politik Joseph Harold Pierre.

7. Dwe gen bon jan pase men nan ekonomi peyi d Ayiti a, pou met bout nan pakèt kriz k ap layite depi apre 7 fevriye 1986 la, lè diktati Divalye yo te tonbe a. Se rezilta yon sondaj Obsèvatwa sitwayen pou bay demokrasi a jarèt (Ocid) te fè, ant finisman mwa novanm ak koumansman mwa desanm 2022, ki sot pase a.

8. Dwe gen bon jan dipozisyon, pou evite raketè mafya ta antre, nan jou sa yo, sou fwontyè Wanament ak Dajabon nan, pou ta vin fè paspò ayisyen, yon fason pou ta pwofite pwogram Joe Biden nan, k ap akeyi migran 4 peyi yo (Ayiti, Kiba, Nikaragwwa ak Venezyela). Se avètisman, sou AlterPresse/AlterRadio, Fondasyon Zile a, k ap ankouraje bon jan relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominiken.

9. Jedi 9 fevriye 2023 a, gadkòt peyi Etazini arete sou lanmè, bò kòt Leta Florid yo, plis pase 100 migran (timoun, fanm ak gason) natif natal ayisyen, ki te sou yon ti bato, ki t ap eseye antre sou teritwa ameriken an.

10. Jedi 9 fevriye 2023 a, ministè ki anchaje zafè migrasyon nan gouvènman zile Turk and Caicos la (zil Tik) avèti l ap pimpe, voye nan peyi d Ayiti, tout migran ayisyen san papye sou teritwa zile a, detan l ap pran dispozisyon kont tout sila, ki ta ba yo travay, kay pou rete, pou ta pèmèt yo rive bò kòt Florid yo.

11. Pou mwa janvye 2023 a, otorite Repiblik Dominiken yo pimpe, vini nan peyi d Ayiti, plis pase 14 mil migran natif natal asyisyen, dapre platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).

[jep rc gp apr 10/02/2023 23:00]