Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Pakèt revokasyon, vyolans, kè sote, bouyay politik…

Pòtoprens, 8 fevriye 2023 [AlterPresse] — Pakèt revokasyon, vyolans, kè sote, bouyay politik…

1. Plizyè santral sendika, ki andedan mouvman sendika ayisyen an, di tèt yo chaje anpil sou pil ak pakèt revokasyon ouvriyèz ak ouvriye, k ap fèt nan jou sa yo, nan plizyè faktori, nan peyi d Ayiti.

2. Madi 7 fevriye 2023 a, gang ak zam Gran grif Savyen yo asasinen 2 moun, pami yo yon elèv lekòl, ki te nan klas li, ak blese ak bal plizyè lòt moun, nan yon lòt atak, yo fè nan komin Lyankou, Ba latibonit, dapre temwayaj AlterPresse/AlterRadio ranmase.

3. Menm jan sa te pase, nan mache Salomon, Pòtoprens, vandredi swa 3 fevriye 2023 a, kote yo te asasinen 5 moun anba bal, lwijanboje ak zam, ki te sou motosiklèt, asasinen yon jenn fanm ak blese anpil lòt ak bal, lè yo louvri kout zam sou moun, madi 7 fevriye 2023 a pa twò lwen Plas Boyer, Petyonvil.

4. Mèkredi 8 fevriye 2023 a, te gen seremoni antèman senbòl, nan Gonayiv ak Sen Mak, nan memwa 6, yo poko janm jwenn kò yo, pami 7 polisye nasyonal, gang ak zam Gran Grif Savyen yo te asasinen mèkredi 25 janvye 2023 a, nan komin Lyankou, Ba Latibonit.

5. Madi swa 7 fevriye 2023 a, bandi ak zam kidnape nan lokalite Lakwa Peris, komin Lestè, depatman Latibonit, Washny Bien-Aimé, ki se direktè Sant ki resevwa ak livre dokiman idantite yo nan Sen Mak, ak plizyè lòt moun ki te ansanm ak li.

6. Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo di li gen gwo kè kase, sou zak kidnaping, bandi ak zam fè sou jounalis Jean Thony Lorthé ak 2 lòt moun, depi vandredi 3 fevriye 2023 a, nan Laboul.

7. Depi madi 7 fevriye 2023 a, tout aktivite yo te paralize nan Sant nasyonal ekipman yo, pou pwoteste kont zak kidnapin, bandi ak zam gang, ki bay tèt li non Kraze baryè, fè sou direktè jeneral Sant nasyonal ekipman yo, Kinston Louis, depi samdi 4 fevriye 2023 a, nan Meyòt, Petyonvil.

8. Ant dimanch 5 ak lendi 6 fevriye 2023 a, bandi ak zam lage, nan lokalite Ti Bwadòm, sou wout Pòdpè, depatman Nòdwès, plis pase 10 moun, yo te kidnape.

9. Kèlkilanswa Konsèy elektoral, ki pral monte a, li p ap kapab rive fè bon jan eeksyon onèt, san fòs kote. Se dizon, sou AlterPresse/AlterRadio, Paltfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo, apre enstalasyon estrikti gouvènman defakto a rele yon Wo konsèy tranzisyon nan peyi d Ayiti.

10. Se fanm ak gason Ayisyen yo, ki dwe pote solisyon nan pwoblèm, k ap brase bil peyi d Ayiti yo. Se dizon, sou AlterPresse/AlterRadio, Gwoup refleksyon fowòm politik sosyopwofesyonèl pwogresis ayisyen yo, pa lentèmedyè plimeyank Pierre Michel Chéry, ki lonje dwèt sou kominote entènasyonal la, ki kontinye ap ankouraje reyaksyonè makout vin dirije peyi a.

11. Detan l swete yon fòs militè etranje ta vin deplòtonnen nan peyi d Ayiti, ansyen anbasadris ameriken, peryòd 2012 pou rive 2015, nan peyi d Ayiti, Pamela Ann White, leve lavwa kont move sitiyasyon sekirite a, ki genyen jodi a, nan peyi d Ayiti, san otorite yo, li konsidere ki gen yon konpòtman kriminèl, pa fè anyen pou kwape degenn gang ak zam yo.

Virewon aktyalite Ayiti, 7 fevriye 2023

1. 7 fevriye 1986 – 7 fevriye 2023, sa fè 37 lane depi diktati Divalye yo te tonbe. Tout gwo dat listwa enpòtan sa yo pou peyi d Ayiti, ekip Pati ayisyen tèt kale yo (Phtk) pa ba yo okenn nannan, ni valè, ak yon « politik ki mele m », depi plis pase 10 lane.

2. Malgre nou te met bout nan diktati Divalye yo, vandredi 7 fevriye 1986 la, peyi d Ayiti rantre nan yon sitiyasyon, ki sanble ak move kondisyon peyi Somali, an Afrik, te ye. Gen yon bann politisyen san konsyans, ki mete zam nan men bandi. Sa ki lage peyi a nan yon katyouboumbe san parèy. Se dizon, sou AlterPresse/AlterRadio, doktè Georges Michel, ki fè anpil rechèch sou listwa peyi d Ayiti.

3. Pandan 37 lane, fòs gwo ponyèt yo kraze pwojè demokrasi, 7 fevriye 1986 la te charye yo. Se dizon, jodi a, 8 pati politik, pami yo Pati ayisyen tèt kale (Phtk), ki pote kole tou nan pilonnen dwa ak libète popilasyon an.

4. Pandan 37 lane, ki sot pase yo, peyi d Ayiti pa fè okenn pwogrè tout bon, ni nan nivo sosyete a, ni nan nivo ekonomi a, dapre pati politik Òganizasyon pèk k ap lite (Opl).

5. Madi 7 fevriye 2023 a, gang ak zam Savyen yo, ki bay tèt yo non Gran Grif, asasinen yon chofè moto ak blese anpil lòt moun, nan komin Lyankou, dapre temwayaj, ki vin jwenn AlterPresse/AlterRadio.

6. Madi 7 fevriye 2023 a, bandi ak zam blese ak bal chofè ansyen senatè Dieuseul Simon Desras. Ni lavi ansyen senatè Desras, ni lavi chofè l pa an danje, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

7. Depi lendi 6 fevriye 2023 a, zòn Fò Jacques, anwo Petyonvil, pa twò lwen komin Kenskòf, sou gwo tansyon, anba gang ak zam Vitelhomme Innocent yo, k ap simen laterè san gade dèyè, dapre temwayaj AlterPresse/AlterRadio ranmase.

8. Detan l leve lavwa kont zak kidnaping sa a, Rezo nasyonal gwoup san negatif yo ekzije bandi ak zam lage san kondisyon pòtvwa l, jounalis Jean Thony Lorthé, ki gen yon sante frajil, ansanm ak 2 lòt moun, bandi yo kidnape depi vandredi 3 fevriye 2023 a.

9. Rektora inivèsite Leta d Ayiti ak Rezo inivèsite piblik rejyonal yo ekzije bandi ak zam lage prese prese doktè Wilfrid Azarre, ki se rektè inivèsite piblik Ba latibonit lan, yon pitit li ak yon anplwaye inivèsite piblik Ba latibonit lan, yo kidnape depi lendi 6 fevriye 2023 a, nan zòn Kanayan, nan nò Pòtoprens.

10. Lendi 6 fevriye 2023 a, Jerry Jeudy, lapolis sispèk kòm youn nan manm gang Kanayan yo, lapolis di li t ap chèche lontan, mouri nan boukantay kout zam ak lapolis, nan Bon Repo, dapre lapolis.

11. Detan yo lonje dwèt sou ministè sante piblik, ki meprize revandikasyon yo, doktè rezidan lopital Inivèsite Leta d Ayiti, yo plis konnen sou non lopital jeneral, te desann nan lari Pòtoprens, lendi 6 fevriye 2023 a, pou ekzije pi bon kondisyon travay, pami yo yon ogmantasyon salè.

12. Apre gwo tranbleman tè, ki souke peyi Tiki, lendi 6 fevriye 2023 a, Fondasyon Lorquet pou yon lot Ayiti (Folonha) di li gen anpil kè sote sou sitiyasyon anpil natif natal Aysiyen, ki bloke nan peyi Tiki, depi plizyè lane.

[jep rc gp apr 08/02/2023 23:00]