Jean Elie Paul
Santo Do., 27 nov. 2022 [AlterPresse]—- Aktè kiltirèl ayisyen ak dominiken inogire yon mi atistik samdi 26 novanm 2022 a, nan Santo Domingo, pou rann fanm ki viktim vyolans omaj, dapre sa AlterPresse konstate.
Se yon inisyativ ki fèt nan kad yon pwojè kiltirèl ki mete ansanm plizyè patnè dominiken ak ayisyen, pami yo Fondasyon Ayiti Jazz ak asosyasyon Karoli.
Atis yo fè penti sou yon mi ki tabli nan avni Hermanas Mirabal, nan non 3 sè Mirabal yo, Patria, Minerva ak María Tereza, diktati jeneral dominiken Rafael Leonidas Trujilio te ansasinen 25 novanm 1960.
- Atis Aude Cencia Villefranche
Aktivite a dewoule nan kad yon pwojè echanj atistik ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, ki jwenn finansman Inyon Ewopeyèn.
Depi plizyè semèn, gouvènman dominiken ap pimpe an Ayiti migran ayisyen yo arete epi yo maltrete an Repiblik Dominikèn.
Nan anviwon 2 mwa ki pase la yo, otorite dominiken rapatriye plis pase 60.000 Ayisyen nan kondisyon kote yo vyole dwa anpil nan yo.
Sitiyasyon sa a lakòz leve kanpe nan nivo nasyonal ak entènasyonal pou kondane atitid gouvènman dominiken.
Pou pwoteste, asosyasyon ayisyen te fèmen fwontyè ant 2 peyi yo, nan nivo Wanament (Nòdès/anfas Dajabon) soti 21 rive 26 novanm pase. [jep gp apr 27/11/2022 13:00]