Kominike Solidarite fanm ayisyèn (Sofa)
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 25 novanm 2022
Dirijan onèt ki gen etik ak moral se yon bon pa pou kwape enpinite ak koripsyon k ap ranfòse vyolans sou fanm
SOFA vle enföme nan okazsyon 16 jou Aktivis kont vyolans sou fanm ki kòmanse 25 novanm nan, nou deside mennen plizyè aktivite ak aksyon nan 7 depatman kote SOFA prezan yo: Lwès, Latibonit, Nò, Sidès, Grandans, Nòdwès ak Plato santral.
Aktivite ak aksyon sa yo k ap fèt sou plizyè fòm tankou sitin, Konferans, kozri, pral yon okazyon pou nou pataje enfòmasyon sou pèspektiv travay SOFA nan kad prizanchaj fanm ki siviv anba vyolans epi denonse zak vyolans sa yo.
Pandan dènye ane sa a, sitirasyon enpinite sou dosye vyolans sou fanm vin pi mal. Dapre pwotoköl prizanchaj SOFA, sivivant vyolans jwenn yon akonpayman global ki gen ladan apwui sikolojik, medikal, sosyal ak legal. Lè sèvis sante pa mache nan peyi a, se gwo difikilte pou fanm viktim rive jwenn sètifika medikal pou pwouve agresyon epi jwenn tretman ka yo merite. Plizyè dosye agresyon seksyèl rete pandye paske pou ane sa a, pat gen odyans kriminèl nan pi gwo jiridiksyon peyi a tankou Pòtoprens, Jeremi ak Jakmèl.
Systèm jidisyè a pa paye ak ensekirite. Nan mwa jen 2022 bandi ak zam pran palè jistis daso vòlè yon seri achiv epi detwi kèk löt. Tout zak grav sa yo pase anba je otorite Leta defakto yo san anyen pa fèt. Se sa ki kab esplike malgre jefò ki fèt pou akonpaye plizyè nan 71 fanm ki viktim agresyon seksyèl anba vyolans gang nan Site Solèy ak Laplen soti avril rive jiyè 2022 ke RNDDH resanse. SOFA bò kote pal te resevwa 79 ka vyolans seksyèl san konte 218 ka vyolans (ekonomik, psikolojik, fizik) aspè legal la pa kab vanse.
N ap pwofite denonse yon seri kadejakè lajistis libere nan mwa oktòb 2022 apre yo pase sèlman ant 3 ak 4 lane nan prizon. Alòske ak dekrè jiyè 2005 ki modifye rejim sanksyon agresyon seksyèl prevwa nan atik 2 li, 10 lane travo fose pou tout tout moun ki vyole ou byen fè tantativ vyole yon fanm.
Men non kadejakè ki konsène yo: (rapò RNDDH/novanm 2022)
1- Frederic Claude kite rantre nan prizon nan lane 2019 pou agresyon seksyèl
2- Charles Develor alyas Senèque kite rantre nan prizon nan lane 2019 pou kadejak
3- Simon Jean Paulin alyas Popo te rantre nan prizon pou tantativ vyòl nan lane 2020
4- Jean Louis Phato te rantre nan prizon pou tantativ vyòl nan lane 2020
5- Zidor Pierre Michel te rantre nan prizon pou tantativ vyòl nan lane 2020
6- Léoné Alex alyas Gaspiye te rantre nan prizon pou tantativ vyòl nan lane 2020
7- Luc Mara kite rantre nan prizon pou kadejak ak asosiyasyon malfektè nan lane 2021
SOFA rete kwè amelyorasyon kondisyon fanm viktim vyolans pase pa yon bon fonksyonman enstitisyon peyi a. Se pousa n ap plede pou gen dirijan ki pa nan
konfyolo ak gang ni nan koripsyon pou fèmen vàn enpinite a.
Lit fanm nan se lit tout mas pèp la.
Pou SOFA
Sabine Lamour
Ködonatris jeneral SOFA
Kontak : lamoursabine@ymail.com
Foto : Pnh/Fb