Español English French Kwéyol

Etidyan ayisyen nan peyi etranje pran pozisyon kont okipasyon Ayiti

Deklarasyon yon karantèn etidyan ayisyen nan peyi etranje

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 20 novanm 2022

ABA OKIPASYON, VIV AYITI GRANMOUN, VIV YON TRANZISYON KOUPE FACHE AK PWOJÈ NEYOLIBERAL MEDSIN CHWAL LA

Nou menm inivèsitè ayisyen ki deyò peyi a ap viv ak kè sere epi endinye anpil parapò ak sitiyasyon malouk peyi a ap travèse. Sa peyi a ap sibi nan moman an se rezilta yon pratik politik ki dominan nan peyi a depi plis pase yon dizèn lane. Nou ap raple, se depi lè OEA ak Core-Group fin entèvni dirèkteman pou enstale pwòp gouvènman pa yo nan tèt peyi a nan lane 2011, chimen an te trase pou mennen peyi a nan kalfou malè sa a. Fòk nou pa bliye gwo wòl MINUSTAH te jwe nan akouche malè pandye sa a. Rezilta plis pase 10 lane rejim PHTK a nan gouvènay peyi a se masak, kidnapin, dilapidasyon fon piblik, represyon ak banalizasyon lavi. Se sa ki esplike soti 2011 pou rive jounen jodi a plis pase 10 milya dola fon piblik dilapide (CIRH, Petrokaribe, ak lòt fon piblik), prèske yon ventèn masak nan katye popilè yo ak yon santèn vyòl soti 2018 rive 2022, plis pase yon santèn viktim asasina nan prèske tout sektè rete enpini… Zak sa yo enskri nan yon lojik politik gouvènmantal sou dominasyon Core-Group ki vle kwape tout elan mobilizasyon popilè yo ki reklame klèman yon chanjman radikal. Nou ap presize Core-Group la se yon gwo malè pandye sou demokrasi nan peyi Dayiti kote yon ti gwoup anbasad erije tèt yo nan plas pèp souvren an kòm sèl sous lejitimite politik, kote se yo menm ki bay epi se yo menm ki pran pouvwa. Ekspresyon popilè chavire chodyè a tradui klè kou dlo kòk volonte popilè a pou kraze modèl pratik politik sa ki ejemoni nan peyi a depi diktantan.

Malgre prezans MINUSTAH ki te swadizan la pou ede kwape gang yo, malgre MINUJUSTH ak BINUH ki te gen swadizan misyon ede peyi a rive kanpe enstitisyon yo sou de (2) pye fèm yo, ede lapolis la nan travay li epi pèmet aparèy jistis la fè travay li kòmsadwa, prezans yo pito sabote enstitisyon yo, prezans yo ranfòse kesyon gansterizasyon peyi a jiskaske reprezantan espesyal BINUH nan peyi Ayiti Helen Lalime te deklare sou tribin Nasyonzini federasyon gang yo (G-9 an fanmi ak alye : PHATK-Core-Group ak alye yo) to kidnapin lan te bese nan peyi a. Depi apre sasinay Jovenel Moise, Core-group enpoze Ariel Henri kòm premye minis peyi a, men pratik politik yo pa chanje sinon yo jwenn kèk politisyen san kolòn vètebral ki te nan opozisyon ki al ranfòse rejim PHTK twazyèm vèsyon an. Olye pou ta gen yon chimen ki trase pou pèmet peyi a pran yon lòt oryantasyon sitiyasyon peyi a vin pi malouk.

Nan mwens pase yon lane gouvènman ilejitim ki sou pouvwa a monte pri gaz la pandan 2 fwa. Dènye desizyon li pran sou dikte FMI amilitè se kou ki pou touye koukou a nan monte pri gaz la plis pase 100% nan yon kontèks kote pèp ayisyen ap travèse pi move moman nan listwa l, pri pwodwi premye nesesite yo disèt wotè. Nou ka konstate depi apre desizyon antipèp sa a peyi a bloke, ni lekòl, ni inivèsite ak okenn lòt enstitisyon pa ka fonksyone kòmsadwa, gwoup gang yo ranfòse tèt yo plis, grangou a vin pi rèd nan dengonn malere, malerèz nan peyi a. Menm gouvènman ilejitim ak ilegal sa a popilasyon ayisyèn nan konteste a oze mande « nouvo kolon blan » li yo pou fè fòs militè miltinasyonal anvayi peyi a ankò pou vin ranfòse pi plis okipasyon ak dominasyon enperyalis kolonyal peyi a pa sispann sibi depi 1915, nan sousi pou pwoteje pouvwa l ak oligak yo. Se yon zak trayizon kont manman lwa peyi a, kont pèp ayisyen ak kont listwa li. Tout okipasyon militè peyi a konnen se toujou plis mizè, masak kont klas popilè yo sa pote. Menm aktè ki pwodui sitiyasyon malouk sa a nan peyi a pa ka nan pote solisyon ankò, se ap toujou solisyon kosmetik ak medsin chwal la.

Boutofen, nou menm siyatè nòt sa a, nou rete solidè epi makònen ak revandikasyon pèp ayisyen ki ap mande yon tranzisyon granmoun koupe fache. Nou kondame tout lide pou ranfòse depandans peyi a ak yon fòs militè miltinasyonal ankò. Nou rete kwè solisyon kriz malouk PHTK-Core Group lage peyi a la dwe yon solisyon ayisyen. Epi nan dimansyon kriz la rive la, nou ankouraje tout aktè politik ak sosyete sivil nan peyi a pou yo mete yo alawotè pou yo jwenn yon konsansis k ap chita sou baz prensip ak etik k ap penmèt nou mete enstitisyon yo sou de pye fonskyonèl yo yon mannyè pou atake pwoblèm fondamantal k ap sakaje peyi a nan moman an. Nan sans sa a, nou rete solidè ak tout inisyativ ayisyen ki rive pran an granmoun, ki pa soti nan okenn dikte anbasad epi ki vize tabli yon tranzisyon koupe fache ki pral kreye kondisyon pou tabli yon sosyete kote Ayisyen ka viv nan lapè ak diyite.

Viv granmounte pèp ayisyen an !

Siyatè :

Walner Osna Université d’Ottawa/ Sociologie

Jean Bernard Jean Jean Louis UFC / Géographie

Fritz-son Lalane Université d’Ottawa/ Sociologie

Fritznel Honneur Universidade Federal da Integração/Antropologia

Magalie Civil Université d’Ottawa/ Sociologie

Pierre Ronsard Brunache Université Paris Sorbonne/ Clinique et Psychopathologie

Dana Richemé Université Paris Cité/ Sociologie

Guerchang Bastia Université Paris 8/ Urbanisme et Aménagement

Johny Gene Merilus Université Lumière,Lyon II/ Sociologie

John R. Gougueder Jean Universidade Federal da Bahia/ Servicio social

Wilsot Louis Université Paris Cité/Sociologie

Milcar Jeff Dorce Université de Bordeaux/ Droit International Public

Jeanne Elsa Chery Université Paris 8/ Etudes sur le Genre

Feguenson Hermogene Escuela Internationale de Cine y TV de Cuba

Mackenson Beauvais Universidade Federal da Bahia/ História

John Yvelet Charelus Université Québec à Montréal(UQAM)/ Sociologie

Luder Providence Universidad Bolivariana de Venezuela/ Economía Política

Riguender Util Université d’Ottawa/Sociologie

Mackenson Jean Université d’Ottawa/Géographie Anthropocène

Harry Moïse Ecole Pratique des Hautes Études/ Sociologie

Job Paul Universidade Federal da Bahia/Relações Internacionais

Jean Nephetaly Michel Université d’Ottawa/ Sociologie

Mayens Mesidor Université Paris 8/Géographie

Bergomy Hercules Université Sorbonne Paris Nord/Géographie

Wislene Dumesle Université d’Ottawa/Sociologie

Jean-Carlot Milien Université Paris 8/Géographie

Jean James J.J Rolph Universite de Guyane/Interculturalité

Moïse Eugène Université Lyon 2/Sociologie

Dieulin Ostavien Ecole d’Urbanisme de Paris/ Urbanisme

Robert Barbier Université de Lille/Histoire du droit et des institutions

Brunel Derilus John Jay College of Criminal Justice New York/Sociology

Handy Leroy Université d’Ottawa/Travail Social

Dieubert Charlestin Université d’Ottawa/Sociologie

Baudelaire Julien Ecole des Hautes Etudes en Sciences sociales/ Sociologie

Melissa. C Raymond Université d’Ottawa/Sociologie

Wisner Baguidy Ecole des Hautes Etudes en Sciences Sociales/ Anthropologie

Evenold Sénat Université d’Ottawa/ Sociologie

Wilkenson Jules Université d’Ottawa/Sociologie

Nickson Pierre-Louis Universidad Nacional de Entre Rios/Agronomia

Taniola Jean Felix Universidad Nacional de la Plata/ Medecine

Djeansy Djarny E. Toussaint Universidade Federal de São Paulo/ Engenheiro Químico

Dieumann Nicolas Université d’Ottawa/Sociologie

Michel-Ange Pierre Université d’Ottawa/Travail social