Español English French Kwéyol

Ayiti-Medya: Yon 3zyèm jounalis mouri asasinen, nan mwens pase yon mwa

Pòtoprens, 7 novanm 2022 [AlterPresse] --- Laprès peyi d Ayiti an dèy yon lòt fwa ankò.

Bandi ak zam asasinen anba bal jounalis Fritz Dorilas, samdi 5 novanm 2022 a, nan zòn Karade, komin Taba, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse/AlterRadio.

Kò sasinay 5 novanm 2022 a fè 3zyèm jounalis ki mouri asasinen nan mwens pase yon mwa nan peyi d Ayiti.

Jounalis Fritz Dorilas te youn nan animatè emisyon ki rele « Le droit, la loi et la justice », ki pase sou antèn estasyon radio prive Megastar.

Samdi 5 novanm 2022 a, bandi ak zam yo ta rale jounalis andedan lakay li, anvan yo touye l, daprè enfòmasyon ki disponib yo.

Samdi 5 novanm 2022 an, te gen gwo tansyon nan zòn Karade a, nan komin Taba, akoz gwoup gang Vitelhomme Innocent yo t ap eseye anvayi zòn Karade an, nan lide pou ta enstale youn nan lyetnan li yo, pou gen kontwòl zònf nan, dapre menm sous enfòmasyon yo.

« Lajistis dwe fè limyè prese prese sou kò sasinay sou Fritz Dorilas la. Okenn jounalis pa dwe mouri nan ekzèsis metye l. Se pou Leta fè kou l konnen pou pwoteje jounalis yo ».

Se dizon mèt avoka Darbensky Gilbert, ki te konn anime emisyon « le droit, la loi et la justice » ak jounalis Fritz Dorilas, sou Radyo Megastar.

Kò sasinay anba bal 5 novanm 2022 a sou jounalis Fritz Dorilas la lonje lis travayè laprès, ki mouri nan move kondisyon, nan dènye jou sa yo, nan peyi d Ayiti.

Se yon lòt pèt ankò pou sektè laprès la.

Anvan lontan, y ap depoz yon plent lajistis kont X, dapre mèt avoka Darbensky Gilbert.

Jounalis Fritz Dorilas, se 3zyèm jounalis ki mouri, nan mwens pase yon mwa, apre jounalis Gary Tess, yo te vin jwenn mouri, lendi 24 oktòb 2022 an, Okay, depatman Sid peyi d Ayiti, apre plis pase yon semenn depi l te disparèt.

Dimanch 30 oktòb 2022 an, jounalis Romelson Vilcin te mouri sou lakou Komisarya polis Dèlma 33 a, nan moman, ansanm ak plizyè lòt jounalis, yo te vin pote sipò yo bay jounalis Radyo Tele Zenith, Robeste Dimanch, lapolis te arete apre yo te fin maspinen l anpil anpil, nan moman li t al kouvri yon evenman nan Dèlma 47.

Ane 2022 a pa t bon di tou pou Laprès nan peyi d Ayiti, ki pèdi 6 jounalis ak yon animatè radyo, nan move kondisyon.

Men, gen jefò, ki dwe fèt, nan medya yo, kit nan sa yo rele medya tradisyonèl yo, kit nan medya sou Entènèt yo, pou mennen peyi d Ayiti nan demokrasi ak bon jan devlópman, dapre Asosyasyon jounalis ayisyen yo (Ajh). [jep rc apr 7/11/2022 16:25]