Pòtoprens, 30 oktòb 2022 [AlterPresse] — Ansasinay jounalis, ansasinay politisyen, kidnapin, tansyon, ijans sante…
1. Dimanch 30 oktòb 2022 a, andedan komisarya polis Dèlma 33 a, lapolis nasyonal asasinen jounalis Romelson Vilsaint, k ap travay pou yon medya sou entènèt. Jounalis Vilsaint te vin pote solidarite l bay jounalis Radyo Tele Zenith la, Robest Dimanche, lapolis maspinen epi arete, mennen nan komisarya polis Dèlma 33 a.
2. Asosyasyon ayisyen medya sou Entènèt yo leve lavwa kont zak sasinay, lapolis fè sou jounalis Romelson Vilsaint, dimanch 30 oktob 2022 an, ki fè sonje yon peryòd tris nan listwa peyi d Ayiti.
3. Kò sasinay lapolis nasyonal la sou jounalis Romelson Vilsaint rive kèk jou, apre moun yo poko idantifye asasinen jounalis Garry Tess, nan Okay, depatman Sid, epi apre endividi ak gwo zam lou blese ak bal jounalis Roberson Alphonse.
4. Gwo tansyon, dimanch apremidi 30 oktòb 2022 a, nan zòn Dèlma 33 a. Anpil jounalis ekzije lapolis nasyonal lage konfrè jounalis Radyo Tele Zenith lan, Robest Dimanche.
5. Byen bonè samdi 29 oktòb 2022 a, moun nan zòn Jivena, Kanape vè, Petyonvil, pa twò lwen lekòl Unoon School, dekouvri kadav 5 moun ak tras bal, yo ta pran.
6. Pakè tribinal sivil Pòtoprens mande Direksyon santral lapolis, k ap travay pou lajistis la, yo plis konnen sou non Dcpj, tande animatè emisyon maten deba yo, Luckner (Louko) Désir ak Esau César, ki te fè konnen gen yon konplo, ki t ap marinen pou asasinen biznismann Eric Jean-Baptiste, sekretè jeneral pati politik Rsanbleman demokrat nasyonal pwogresis la (Rdnp).
7. Se gwo sezisman nan peyi d Ayiti, lè tout moun aprann bandi ak zam asasinen, vandredi swa 28 oktòb 2022 a, nan Laboul 12, Eric Jean-Baptiste ak sekirite l.
8. Divès vwa, gouvènman defakto a, anpil enstitisyon nasyonal kou entènasyonal, plizyè anbasad etranje nan peyi d Ayiti, leve lavwa kont kò sasinay, 28 oktòb 2022 a, sou dirijan politik Eric Jean-Baptiste, ki te yon biznismann.
9. Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo mande yon ankèt serye, sou kò sasinay, 28 oktòb 2022 a, sou Eric Jean-Baptiste ak sekirite l lan.
10. Samdi 29 oktòb 2022 a, nan zòn Puits Blain, bandi ak zam kidnape pwofesè Anthony Dessources, manm direksyon pati politik Fanmi Lavalas, ki se ansyen minis planifikasyon, lè Jean-bertrand Aristide te prezidan. Yo kidnape Anthony Dessources ansanm ak bò frè l, Ronald Germain.
11. Pati politik Fanmi Lavalas di li leve lavwa kont tout krim, kont tout masak ak kont tout zak kidnaping, popilasyon an ap sibi, chak jou, nan peyi d Ayiti.
12. Akoz rezèv gaz li an, ki prèske fini, Sant anbilans nasyonal la anonse li pral kanpe divès operasyon li yo, sou teritwa nasyonal la.
13. Gouvènman peyi Kanada a di li pa nan demach pou vin deplòtonnem fòs militè nan peyi d Ayiti. Se ede, li ta vle vin ede peyi d Ayiti.
[jep rc gp apr 30/10/2022 23:00]