Español English French Kwéyol

Ayiti-Kriz : Òganizasyon fanm yo di « solidarite wi ! okipasyon non ! »

Nòt 6 òganizasyon fanm

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 26 oktòb 2022

Noumenm òganizasyon Fanm ki siyen nòt sa a ap leve vwa nou byen wo pou denonse mannèv gouvènman defakto mesye Ariel Henry ak peyi manm kò gwoup yo pou pase anba pye 3em jenerasyon dwa moun yo : dwa otodetèminasyon pèp yo.

N ap fè sonje se anba je MINUSTAH, BINUH ak Kò gwoup, gang kale kou djonjon nan tout peyi a, epi federe anba benediksyon reprezantant Nasyonzini an. Se anba je yo tout, antrepriz kidnapin nan vin pi fleri. Malgre tout rèl feminis yo, rèl diferan lòt òganizasyon nan sosyete sivil la, ap lanse depi plis pase 3 lane pou meriken sispann vann gangstè/kriminèl zàm pou teworize popilasyon an, fè masak nan katye popilè yo, fè kadejak sou fanm, se sèlman nan mwa dawout 2022 yo deklare y ap pran kèk dispozisyon pou kontwole zàm k ap rantre ann Ayiti.

Alòske bandi /kriminèl tout plim tout plimay ap fè zàm rantre jan yo pito nan peyi a anba je otorite Meriken, menm Meriken sa a mete l ankwa pou Polis Nasyonal la pa jwenn zàm ak ekipman nesesè, pou fè travay pwoteksyon popilasyon an, ki se meyè fason pou goumen kont enpinite, òganizasyon fanm yo pa janm sispann denonse depi 1986.

Jodi a, nan divès deklarasyon ki fèt onivo Nasyonzini ak nan atik ki parèt nan jounal ameriken sitou, entènasyonal la deside idantifye moun kap finanse gang yo ki bloke gaz nan peyi a, ki lakòz malè kriz imanitè ak ekonomik pandye sou tèt peyi a. Men sèl solisyon yo wè ki posib se okipasyon. Feminis yo konsyan gwo danje sa a kapab anjandre yon katastwòf. Se pou rezon sa a, nou kwè li enpòtan pou gen bon jan SOLIDARITE ki makònen ak reyalite a, pou pèmèt nou jwenn yon solisyon dirab pou peyi a.

Men, mòd relasyon ki chita sou rasis plizyè Eta enperyalis yo tabli ak
Ayiti destabilize politik entèn peyi a. Se menm mòd rapò sa yo ki destriktire,
depatcha kad politik la ki pote pitit peyi a deplase al chache lavi ak sekirite lòt
kote. Ese menm Leta sa yo ki voye yo tounen, lè yo ap chache refij lakay yo.

Dapre òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM), soti 1e janvye 2021 rive fevriye 2022, Etazini fòse tounen plis pase 20,309 ayisyen ki te pran egzil lakay li akòz ensekirite. Sa vle di Etazini ansanm ak kò gwoup la, yo fè pati pwoblèm nan, se sak fè depi plis pase 3 zan pèp la ap pran lari pou kriye mizè lap pase anba gang, kominote entenasyonal la pa bay okenn repons . Okontrè, se atò gwo zàm lagè ap antre nan peyi a, se atò kidnappin ap fèt, se atò pèp la ap pran lafwit kite peyi l. Sa vle di, Etazini, yon peyi ki konsidere tèt li kòm jandàm dwa moun nan lemonn pa sispann vyole dwa Ayisyen ak Ayisyèn k ap kouri pou ensekirite gang.

Se pa yon sekrè pou pèsonn, gouvènman Meriken dispoze gwo mwayen pou l ede Ayiti derasinen bandi san li pa bezwen mobilize ni Solda meriken ni Sòlda lòt peyi nan rejyon an. Sa vle di si kò gwoup ta fè chwa fòs militè pou retabli sekirite ann Ayiti, sou tè zansèt nou yo, se yon lòt kesyon k ap regle. Eske se pou vin tabli sistèm politik pa yo atravè yon lòt konstitisyon epi mete enstitisyon yo kanpe dapre modèl yo vle pou yo kab gen posiblite piye epi esplwate pi byen resous anba tè ak anba lanmè peyi a?

Nasyon zini reyalize deja 10 misyon nan peyi Dayiti, Kisa nou jwenn, ki rezilta sa bay : nan 10 misyon sa yo solda divès peyi ki te patisipe yo vin pi rich, pèp Ayisyen an vin pi pòv, gen plis ensekirite, plis kadejak sou fanm ak tifi, plis timoun kap grandi san papa, san konte katastwòf deregleman klimatik yo epi kòmsi sa pat ase, solda Nasyon zini yo lage KOLERA anndan peyi a.

Listwa montre depi nan tan lakoloni, fanm ayisyèn ap viktim vyolans anba vant kolon, pase nan lokipasyon amerikèn nan lane 1915 pou rive sou MINUSTHAH an 2004 se menm penpenp la.(Nou pa bliye kontenjan SRI LANKA an 2006). Koulye a se gang yo kap kontinye travay la pou yo.

N ap raple kò gwoup la bon patenarya fèt nan respè youn pou lòt; nap mande yo rekonèt souverente pèp ayisyen, sa vle di, dwa pèp ayisyen pou l pran desten li nan men li.

Sispann fè mannèv pou kontrarye pwosesis ayisyen ki pwopoze solisyon pou kriz peyi a ap travèse a. Gen Ayisyen ak Ayisyèn toujou nan peyi a ki kab pran gouvènay pou desitire gang nan bon jan SOLIDARITE AK KOPERASYON ENTÈNASYONAL pandan n ap kenbe souverente nou, dwa Grandèt majè peyi a.

Òganizasyon Feminis ki siyen nòt sila rete solidè ak Akò Montana a epi yo apiye
pozisyon divès enstans li yo:

Wi pou asistans teknik, pou ranfòse Polis Nasyonal la! Non pou tout kalite fòm
okipasyon!

KÒ NOU DWE SISPANN KONTINYE SÈVI TERITWA LAGÈ
NI POU GANG/KRIMINÈL NI POU OKIPAN
NOU BOUKE !

Okipasyon ni Envazyon pat ba nou sekirite yè (MINUSTAH), li pa ba nou sekirite jodi a (BINUH), li pap ba nou li demen nonplis tou.

Okipasyon pa janm fèt nan Enterè Pèp.

Nou kab desitire gang san okipasyon, san envazyon etranjè.

VIV YON AYITI GRANMOUN !

VIV LIT FANM YO !

Pòtoprens 24 Oktòb 2022

Pou otantifikasyon :

Sabine LAMOUR
Kòdonatris Jeneral SOFA

Òganizasyon ki siyen nòt sa :
1. Solidarite Fanm Ayisyèn ( SOFA)
2. Kay Fanm
3. Rezo Fanm nan Radyo kominotè Ayisyen (REFRAKA)
4. Asosyasyon Fanm Solèy D’Ayiti (AFASDA)
5. Group d’Appui au Développement du Sud (GADES)
6. Fanm Deside Jakmèl