Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Migran, kolera, vyolans, lavichè, sanksyon…

Pòtoprens, 19 oktòb 2022 [AlterPresse] — Migran, kolera, vyolans, lavichè, sanksyon…

1. Madi 18 oktòb 2022 a, plis pase 100 migran, anpil ladan se natif natal Ayisyen, pami yo 60 fanm ak timoun ki nan laj 5 pou rive 13 lane, rive, san papye, sou yon zile nan Pòtoriko, ki se yon espas pwoteje, dapre sa otorite ameriken yo di ajans espanyòl Efe.

2. Ant samdi premye oktòb pou rive lendi 17 oktòb 2022 a, gen 22 moun ki mouri anba maladi kolera, nan peyi d Ayiti, dapre ministè sante piblik

3. Lendi 17 oktòb 2022 a, 7 moun mouri nan yon lòt atak, gang ak zam al fè ankò nan Vilaj Nwáy, komin Kwadèboukè, kote, depi plizyè dizèn lane, anpil atizan travay fè, sa yo rele metal dekoupe yo, pou fè yo tounen bèl zèv atis. Moun nan Vilaj Nwáy lonje dwèt sou otorite yo, ki pa fè anyen, pou retabli lapè nan zòn nan, kote gang ak zam yo ap plede simaye laterè

4. Sou 4 jou, depi yo te kidnape l, nan dat vandredi 14 oktòb 2022 a, bandi ak zam, apre yo te resevwa kout fòs lajan, lage, madi 18 oktòb 2022 a, fotograf Frédérick Dupoux, ki se kouzen mizisyen Michael Benjamin (Mikaben), ki mouri nan yon espektak samdi 15 oktòb 2022 a, nan vil Pari

5. Fanmi mizisyen Michael Benjamin (Mikaben), ki mouri nan yon espektak samdi 15 oktòb 2022 a, nan vil Pari, avèti tout moun : yo pa pran okenn inisyativ pou ranmase lajan, pou antèman Mikaben, kontrèman ak sa yon seri moun ap fè pase, sou rezo sosyal yo

6. Pri pwodui yo k ap ogmante grad divizyon, gwo latwoublay politik, sosyal ak ekonomik yo, vyolans gang ak zam yo ap plede simaye yo, ratman gaz la k ap pèsiste depi plizyè mwa sou teritwa nasyonal la : se tou sa, ki mennen peyi d Ayiti nan yon ogmantasyon pwoblèm sekirite lamanjay rèd mare. Poutèt sa, li nesesè pou yo pote yon asistans lamanjay, an ijans, bay 4 milyon 700 mil moun nan peyi d Ayiti. Se rekòmandasyon Kòdinasyon nasyonal sekirite lamanjay la (Cnsa)

7. Se modèl kapitalis la, ki fòse Leta nan peyi d Ayiti chwazi move politik nan ekonomi a, sa yo rele remèd chwal, ki p ap pote bon rezilta, ki lakoz pwoblèm sekirite lamanjay la angrave konsa, nan dènye mwa sa yo, nan peyi d Ayiti. Se dizon plizyè òganizasyon nasyonal, pami yo peyizan, nan yon ranmase, okazyon 16 oktòb la, ki se jounen entènasyonal lamanjay

8. Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini ta sipoze pran sanksyon, semenn sa a, kont plizyè chèf gang ak zam nan peyi d Ayiti, pami yo ansyen polisye nasyonal Jimmy Chérizier, ki bay tèt li non Babekyou, dapre yon pwojè rezolisyon, ajans Associated Press jwenn

9. Madi 18 oktòb 2022 a, Kadhafi Anglade ak Shouldson Prédélus, lapolis t ap chèche, poutèt yo ta patisipe nan kò sasinay sou plizyè polisye nasyonal, mouri nan boukantay kout zam ak lapolis, nan zòn Mayi gate, pa twò lwen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre lapolis

10. Akoz sitiyasyon latwoublay, ki genyen kounye a, nan peyi d Ayiti, biwo Bank mondyal nan peyi d Ayiti deside fèmen pòt li, apati vandredi 14 oktòb 2022 a, pou 30 jou konsa

11. Nan yon lèt tou louvri, yo voye bay gouvènman Kanada a, gwoup moun, ki andedan òganizasyon Konsètasyon pou Ayiti nan peyi Kanada, mande gouvènman premye minis Justin Trudeau a konsidere akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, tankou yon solisyen ayisyen, nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a

12. Mèkredi 19 oktòb 2022 a, premye minis defakto a, Ariel Henry, di li chita pale, ak plizyè responsab ameriken, pami yo anchaje zafè peyi Etazini a nan peyi d Ayiti, sou sitiyasyon jeneral peyi a, sou kolera ak sou sipò gouvènman ameriken kapab

Virewon 18 oktòb 2022

1. Òganis entènasyonal dwa moun Human Rights Watch (Hrw) mande kominote entènasyonal la pote kole, pou fè gaz, medikaman ak dlo potab al jwenn popilasyon an, an ijans, pou ede l fè fas kare ak epidemi kolera a, ki reparèt depi koumansman oktòb 2022 a nan Pòtoprens

2. Malgre pwomès ministè edikasyon nasyonal pou lekòl ta louvri ti pa ti pa, pòt tout lekòl toujou ret fèmen. Gang ak zam yo toujou ap simen laterè, divès kote. Anpil anpil biwo, lopital, radyo, sèvis telefòn ak lòt kominikasyon, biznis, elatriye, sou wout pou fèmen nètalkole, akoz sitiyasyon an. Ponp gaz yo poko janm louvri. Jan sa ye, depi plizyè mwa, ratman gaz la toujou ap pèsiste, madi 18 oktòb 2022 a, sou teritwa nasyonal la, detan komès gaz dèyè do lalwa yo ap rapousuiv nan lari a, jis rive nan nivo plis pase 5 mil goud pou yon galon gazolin
 
3. Toutotan Ariel Henry pa bay talon l, n ap toujou pwoteste nan lari a. Se avètisman anpil anpil moun, ki t ap manifeste ankò, madi 18 oktòb 2022 a, nan Petyonvil.

4. Madi 18 oktòb 2022 a, tout aktivite yo te kontinye paralize nan vil Gonayiv, depatman Latibonit, kote tansyon an te wo anpil, ak plizyè endividi ak zam ki t ap boukante kout zam ak Lapolis nasyonal.
 
5. Mouvman leve kanpe a kont gouvènman defakto a ap rapousuiv nètalkole. L ap ogmante chak jou pi plis, nan jou k ap vini yo, dapre pati politik Pitit Desalin, ki anonse mouvman pwotestasyon douvan kay responsab bank yo ak douvan kay minis defakto yo.
 
6. Gang ak zam yo kontinye ap touye, blese, kidnape ak fè kadejak nan peyi d Ayiti. Yo sèvi ak zak kadejak kare bare yo sou fanm ak ti fi yo, tankou yon zam pou kontwole ak simen latwoublay, dapre Helen Meagher La Lime, ki t ap pale douvan Konsèy sekirite Nasyon zini an, lendi 17 oktòb 2022 a.
 
7. Gouvènman peyi Etazini ak peyi Meksik ap travay sou 2 pwopozisyon, k ap prevwa sanksyon kont gang ak zam yo ak kont tout sila k ap kore yo ak lajan, nan peyi d Ayiti, dapre anbasadris gouvènman ameriken an douvan Nasyon zini an, Linda Thomas-Greenfield.
 
8. Nan reyinyon 17 oktòb 2022 a, plizyè manm Konsèy sekirite Nasyon zini yo te parèt jennen, douvan posiblite pou yon lòt fòs militè etranje vin deplòtonnen ankò sou teritwa nasyonal la, pou vin fè fas kare ak klima laterè gang ak zam yo ak kriz imanitè a, nan peyi d Ayiti.
 
9. Yon solisyon ayisyen p ap sifi ankò, pou fè fas kare ak kriz k ap brase bil peyi d Ayiti. Dekalrasyon Helen Meagher La Lime, douvan Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini an, lendi 17 oktòb 2022 a.

10. Sou bò pa l, premye minis gouvènman Kanada a, Justin Trudeau, konsidere plizyè posiblite, pou ta ede peyi d Ayiti soti nan kriz, li ye a.

11. Gouvènman Larisi di yo dwe konsidere tout konsekans demach pou deplòtonnen yon lòt fòs militè etranje ankò nan peyi d Ayiti.

12. Gouvènman defakto nan peyi d Ayiti a pa gen lejitimite. Li pa kapab mennen bak peyi a. Èske divès gwoup nan peyi d Ayiti yo ap dakò ak demach yon lòt okipasyon militè ? Èske demach yon lòt okipasyon militè pa pral lakoz gwo lese frape, avèk vyolans, ak popilasyon peyi d Ayiti yo ? Se kesyon gouvènman Lachin nan poze.

13. Moun nan peyi d Ayiti p ap viv. Y ap bat dlo pou fè bè. Peyi d Ayiti ap fè fas kare, jodi a, ak gwo defi nan nivo sekirite, nan nivo plitik, ekonomi ak nan nivo sosyal. Se deklarasyon minis defakto afè etranje a, fwa sa a, lendi 17 oktòb 2022 a, douvan Konsèy sekirite Nasyon zini a, kontrèman ak deklarasyon li te fè, lendi 26 septanm 2022 a, lè l te di « tout bagay sou kontwòl nan peyi d Ayiti ».

14. Peyi d Ayiti nan sitiyasyon malouk, li ye jodi a, paske aktè, ki konsènen yo, toujou derefize met tèt ansanm. Se dizon Kolektif 4 desanm 2013, douvan posiblite pou fòs militè etranje retounen ankò ak konsekans li konnen sa pral genyen sou peyi d Ayiti.

15. Diskisyon politik yo echwe nan peyi d Ayiti. Nasyon zini pral miltipliye jefò, pou reyini tout aktè konsènen yo. Se pwomès sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini an (Loni), Antonio Guterres.

[jep rc gp apr 19/10/2022 23:00]

Foto : kopi ekran