Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Lanmò anba kolera, lanmò anba bal, mobilizasyon antigouvènmantal pou 17 oktòb, gwo lapenn apre lanmò Mikaben nan Pari…

Pòtoprens, 17 oktòb 2022 [AlterPresse] — Lanmò anba kolera, lanmò anba bal, mobilizasyon antigouvènmantal, gwo lapenn apre lanmò Mikaben nan Pari…

1. Gen 22 moun ki mouri, nan dènye jou sa yo, anba maladi kolera a, nan peyi d Ayiti, dapre ministè sante piblik.

2. Jis nan mwa oktòb 2022 a, gen moun, ki rete nan zòn, ki te gen kolera apati mwa oktòb 2010 la, ki kontinye ap bwè dlo rivyè. Se paske Òganizasyon Nasyon zini pa t pran responsablite l kòmsadwa, ki fè maladi kolera a retounen ankò, nan mwa oktòb 2022 a, nan peyi d Ayiti. Se dizon Biwo avoka entènasyonal yo, youn nan òganizasyon ki te lonje dwèt sou responsablite Nasyon zini, nan jan maladi kolera a te simaye, sou teritwa nasyonal la.

3. Soti sou Channmas, Pòtoprens, plizyè santèn moun, pami yo te genyen ki te ak drapo peyi Larisi nan men yo, manifeste nan lari, pase sou Dèlma, pou rive Taba, douvan anbasad ameriken an, lendi 17 oktòb 2022 a.

4. Aba Ariel Henry ak tout akolit li yo. Nou pa bezwen lokipasyon. Se kèk nan eslogan anpil anpil moun, ki te desann nan lari, prèske toupatou nan peyi d Ayiti, lendi 17 oktòb 2022 a, ki fè 216 lane depi yo te sasinen Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon peyi d Ayiti a.

5. Pou pi piti yon manifestan blese, ak yon bonbòn gaz lakimojèn lapolis tire, ki pran l nan pye, nan gwo leve kanpe, lendi 17 oktòb 2022 a, Okap, depatman Nò peyi d Ayiti.

6. Te gen gwo panik, lendi 17 oktòb 2022 a, lè lapolis nasyonal simen anpil gaz lakimojè sou moun, ki te desann nan lari Okay, depatman Sid peyi d Ayiti.

7. Sendika, ki rele Fwon inifye transpòtè ak travayè peyi d Ayiti yo, anonse yon semenn lòk ak kadnase biwo administrasyon Leta yo, ant lendi 17 oktòb pou rive vandredi 21 oktòb 2022 a. Objektif : ekzije gouvènman defakto a tounen sou desizyon ogmantasyon pri gaz la, li te pran nan dat 14 septanm 2022 a.

8. Plizyè asosyasyon patwon biznis Ayiti deklare y ap sipòte desizyon difisil, gouvènman defakto a a pran, pou mande fòs militè etranje vin deplòtonnen ankò sou teritwwa nasyonal la.

9. Gouvènman peyi Kanada ak Etazini di y ap pote kole ak lapolis nasyonal peyi d Ayiti a, nan batay l ap mennen kont gang ak zam yo. Yo di sa, nan yon deklarasyon tèt ansanm, samdi 15 oktòb 2022 a, jou gouvènman peyi Kanada te pote, nan avyon, moso nan ekipman blennde, gouvènman defakto a te kòmande pou lapolis nasyonal la.

10. Gouvènman Etazini a di l ap soutni jefò pou fè voye yon fòs militè miltinasyonal aksyon rapid nan peyi d Ayiti, nan objektif pou fè fas kare ak pwoblèm sekirite ak kriz sanitè, k ap brase bil peyi d Ayiti, depi plizyè lane

11. Pou pi piti 4 moun mouri anba bal ak plizyè lòt moun blese anba bal, lè yon ekip moun ak zam simen kout bal nan Laboul 12, komin Petyonvil, samdi apremidi 15 oktob 2022 an.

12. Samdi swa 15 oktòb 2022 a, endividi ak zam mete dife nan plizyè kay, nan komin Kwadèboukè.

13. Lannuit vandredi 14 oktòb 2022 a, pou yon dezyèm fwa, bandi ak zam atake sant estokay gaz, yo rele Tèminal Vare a, nan komin Site Solèy. Bandi ak zam sa yo ale ak 4 kamyon sitèn gaz plis plizyè resipyan ki te ranpli ak gaz. Sa ki bay plis pase 28 mil gallon gaz yo pote ale, dapre responsab Wimeco yo, ki di yo gen anpil kè sote sou lavi moun k ap travay nan Tèminal Vare a, sou enstalasyon yo ak lavi moun, ki rete nan vwazinay Tèminal Vare a.

14. Ant 40 pou rive 60 pousan polisye nasyonal yo gen koneksyon ak gang ak zam yo, nan peyi d Ayiti. Kòkòday sa a rive nan pi wo nivo enstitisyon lapolis nasyonal la, dapre òganis dwa moun Sant Karl Lévêque, ki di li pa dakò pou militè etranje debake ankò nan peyi d Ayiti.

15. Chantè ayisyen Michael Benjamin, moun plis konnen sou non Mikaben, mouri, samdi 15 oktòb 2022 a, ak 41 lane sou tèt li, nan vil Pari (kapital peyi Lafrans). Mikaben te tonbe bridsoukou, sou estann, kote l te fèk fin chante, nan yon konsè mizik, gwoup Carimi t ap fè, pou l retounen nan milye mizik ayisyen an.

16. Chantè gwoup mizik Kreyòl la a, Ti Joe Zenny, mande bandi ak zam yo lage Frédérick Dupoux, ki se kouzen Michael Benjamin, yo kidnape depi vandredi 14 oktòb 2022 a. Yon zak kidnaping, ki te kreye latwoublay lakay Mikaben, anvan kè l te rete, nan espektak 15 oktòb 2022 a, nan vil Pari.

[jep rc gp apr 17/10/2022 23:00]