Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Tansyon, blokaj aktivite, twoke kòn lapolis ak bandi, san koule, kadejak, reyaksyon sou entèvansyon, rapatriman…

Pòtoprens, 11 oktòb 2022 [AlterPresse] — Tansyon, blokaj aktivite, twoke kòn lapolis ak bandi, san koule, kadejak, reyaksyon sou entèvansyon, rapatriman…

1. Peyi d Ayiti kontinye sou tansyon, madi 11 oktòb 2022 a. Aktivite yo toujou bloke divès kote. Toujou gen anpil barikad ak chenn, ki bare lari an, plizyè kote, pandan gouvènman defakto a ap tann militè etranje debake. Yon demann, sektè òganize yo sou teritwa nasyonal la denonse tankou yon krim ak yon trayizon

2. Yon moun mouri anba bal ak 2 lòt blese ak bal, nan leve kanpe lendi 10 oktòb 2022 a, nan Okap, depatman Nò peyi d Ayiti. Fòk Ariel Henry ale. Pri gaz la dwe rete nan menm nivo li te ye nan ponp yo, anvan ratman an. Se kèk eslogan anpil anpil moun, ki te desann nan lari ankò, madi 11 oktob 2022 a, nan Okap

3. Lendi 10 oktòb 2022 a, 3 moun, lapolis sispèk ki ta manm gang ak zam 5 segonn, mouri, nan boukantay kout zam ak lapolis, nan zòn Moulins d’Haïti, pa twò lwen wout nasyonal nimewo 1 an. Gang ak zam 5 segonn nan te gen entansyon enstale kòkòday yo, nan zòn Lafito a, kote izin Moulins d’Haïti a ye, dapre lapolis nasyonal d Ayiti
 
4. Lapolis nasyonal di li reprannn kontwòl pòs polis Tomasen an, pa twò lwen Kenskòf, gang ak zam Ti Makak te atake aswè lendi 10 oktòb 2022 a

5. Pou mwa septanm 2022 a, Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti konte 84 ka moun, ki mouri asasinen, pami yo 4 polisye nasyonal ak 7 fanm, sou teritwa nasyonal la, espesyalman nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Chif sa yo pi pwo pase mwa jen ak mwa dawout 2022 a, lè yo te konte, pou chak mwa yo, 57 ka moun ki mouri asasinen, ak mwa jiyè 2022 a, lè yo te konte 49 ka moun, ki te mouri asasinen nan peyi d Ayiti

6. Ant mwa jiyè pou rive mwa oktòb 2022 a, apeprè 50 fanm ak ti fi sibi zak kadejak ak lòt abi, nan zòn ki sou kontwòl gang ak zam yo, dapre yonn ranmase òganizasyon Kri fanm Ayiti (Krifa)
 
7. Ayisyèn ak Ayisyen toupatou sou latè dwe bat chalbari dèyè Konze yo, ki vle di dèyè tout trèt, manm gouvènman defakto yo, ki mande militè etranje vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a ankò, nan yon dokiman 7 oktòb 2022 a. Se dizon òganizasyon depatman Sidès, ki te siyen akò 30 dawout 2021 an, yo pli konnen sou non akò Montana a

8. Santral otonom travayè ayisyen mande tout sendika demokratik entènasyonal yo pote kole ak batay pèp ayisyen an, nan denonse radiyès pèmèt sa a, gouvènman defakto Ariel Henry an pran pou mande militè etranje vin debake ankò, sou teritwa nasyonal la

9. Sou yon semenn, gen 16 moun ki mouri anba maladi kolera epi gen 32 lòt ka sispèk, dapre ministè sante piblik

10. Ajan imigrasyon Repiblik Dominiken di yo arete, lendi 10 oktòb 2022 a, 41 natif natal Ayisyen san papye, nan pwovens Elías Piña, pa twò lwen komin Beladè, depatman Plato santral, dapre jounal dominiken Listin Diario

[jep rc gp apr 11/10/2022 23:00]