Pòtoprens, 10 oktòb 2022 [AlterPresse] — Leve kanpe kontinye nan plizyè zòn an Ayiti, pandan demach pou entèvansyon milit endiyasyon nan milye òganize, epi epidemi kolera ap vanse…
1. Gen pou pi piti yon fanm, ki mouri ak bal nan tèt, nan men ak nan pye, lapolis te tire nan manifestasyon, sou Dèlma a, nan apremidi lendi 10 oktòb 2022 a, dapre plizyè temwayay.
2. Lapolis nasyonal tire anpil kout bal ak gaz lakimojèn, divès kote, pandan manifestasyon sou teritwa nasyonal la, lendi 10 oktòb 2022 a.
3. Kou dapèl, palè jistis Gonayiv la, tribinal seksyon sid ak biwo eta sivil la pami divès biwo leta, manifestan sakaje, lendi 10 oktòb 2022 a, nan Gonayiv.
4. Tout tan Ariel Henry ak akolit li yo pa bay talon yo, n ap kontinye mobilize nèt alkole nan lari a. Pa gen blan k ap vin dirije n. Nou p ap pran nan presyon okipasyon. Se kèk nan eslogan, anpil anpil moun, ki te desann nan lari, lendi 10 oktòb 2022 a, avèk plizyè branch, nan Okap, Gonayiv, sou zile Lagonav, nan Site Solèy, sou Channmas Pòtoprens, sou Dèlma, nan Petyonvil, nan komin Kafou (nan sid Pòtoprens), nan Jakmèl (depatman Sidès), Mibalè ak Laskawobas (Ba Plato santral), nan Ti Gwáv (sou wout nasyonal nimewo 2 an), pou kontinye ekzije demisyon gouvènman defakto a.
5. Jan sa ye, depi plizyè semenn, aktivite yo toujou bloke, divès kote, sou teritwa nasyonal la, lendi 10 oktòb 2022 a.
6. Demann gouvènman defakto pou entèvansyon etranje an Ayiti, sanble ak yon demach yon gouvènman ki pa lejitim, ki pa popilè, ki gen anpil leve kanpe kont li. Se yon demach, ki depaman ak Konstitisyon an ak lalwa, k ap mete reta, nan tout mouvman pou peyi d Ayiti retounen nan lòd Konstitisyon an ak demokrasi kòmsadwa. Se dizon ti rès sena a, nan yon rezolisyon, ki mande gouvènman defakto a kanpe sou pwojè, pou fè fòs militè etranje vin deplòtonen sou teritwa nasyona la.
7. Lè premye minis defakto a Ariel Henry mande fòs militè etranje antre nan peyi d Ayiti pou vin mete lòd, li vle ranfòse lokipasyon peyi d Ayiti. Se dizon Konbit òganizasyon politik, sendikal ak popilè yo, ki di li gen gwo kè sote.
8. Menm si yo ta vin fè bak sou pwojè tèt chaje yo a, pou fòs militè etranje ta debake nan peyi d Ayiti, Ariel Henry ak manm gouvènman defakto a dwe pase douvan lajistis pou gwo trayizon, menm si yo ta va jije yo, dèyè do yo. Se dizon Asosyasyonn militè d Ayiti yo.
9. Se paske gouvènman defakto a te vle mennen peyi d Ayiti sou wout debakman militè etranje, ki fè l kite klima laterè a vin angrave konsa, sou teritwa nasyonal la. Se dizon youn nan branch sektè demokratik ak popilè a.
10. Pami divès posiblite yo, otorite defakto peyi d Ayiti yo pa dakò pou militè etranje retounen, sou banyè Nasyon zini, nan peyi d Ayiti. Se sa Antonio Guterres ekri, nan yon lèt 11 paj, li voye bay prezidan Konsèy sekirite Nasyon zini an, pou prezante nan ki sitiyasyon peyi d Ayiti ye, jodi a.
11. Dimanch 9 oktòb 2022 a, sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, Antonio Guterres, mande kominote entènasyonal la ak Konsèy sekirite Nasyon zini an ekzamine, an ijans, demann gouvènman defakto Ayiti a, pou fè yon fòs militè etranje espesyalize deplòtonnen sou teritwa nasyonal la, dapre pòtvwa l Stéphane Dujarric
12. Nan yon deklarasyon tèt ansanm, detan yo mande kominote entènasyonal la pote yon asistans dyanm sou kesyon sekirite, 19 peyi manm Òganizasyon leta ameriken yo (Oea) fè konnen yo pare pou ede peyi d Ayiti fè fas kare ak defi sekirite, li genyen an, depi plizyè mwa
13. Gen 9 prizonye ki mouri anba kolera nan penitansye nasyonal, kote yo dekouvri 39 lòt ka sispèk, dapre ministè sante piblik
14. Ant samdi premye pou rive dimanch 9 oktòb 2022 a, 16 moun mouri anba maladi kowona a, nan peyi d Ayiti, dapre ministè sante piblik
15. Nan okazyon 10 oktòb, ki se jounen mondyal lasante pou moun ki gen pwoblèm nan tèt yo, ministè sante piblik di li ankouraje tout kalte aktivite, ki ta ka ede tout moun, ki gen pwoblèm nan tèt yo, nan peyi d Ayiti
16. Vandredi 8 oktòb 2022 a, gang ak zam 400 mawozo touye anba bal chofè kamyon Robenson Louisjuste, ki se manm Asosyasyon travayè ak transpòtè Malpas, dapre Asosyasyon pwopriyetè ak chofè peyi d Ayiti yo
Virewon 9 oktòb 2019
1. Poutèt yo pa jwenn bon jan swen, akoz tou malnitrisyon ak maladi tibèkiloz, gen apeprè 100 prizonye, ki mouri, depi lane 2022 a kounanse, nan prizon peyi d Ayiti, kote kondisyon lavi prizonye yo ap angrave, chak jou pi plis. Se yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo ak Sant analiz ak rechèch nan dwa moun.
2. Gen 5 moun ki mouri lopital, sou 19 ka konfime maladi kolera a, ki reparèt bridsoukou, koumansman mwa oktòb 2022 a, nan peyi d Ayiti. Sou 170 ka sispèk, gen 135 ki kouche sou kabann lopital, dapre yon ranmase ministè sante piblik, nan 5 komin peyi d Ayiti, ant samdi premye pou rive samdi 8 oktòb 2022 a.
3. Ta gen yon douzèn moun, ki deja mouri nan kolera, sou yon semenn, nan Site Solèy, kote gang ak zam yo toujou nan lese frape. Li ta nesesè pou ta gen yon koulwa imanitè nan komin nan, pou anpeche plis moun trape kolera. Se dizon ajan ekzekitif enterimè Site Solèy la, Joël Janéus, ki t ap pale ak AlterPresse/AlterRadio.
5. Sitiyasyon tèt anba, ki genyen nan peyi d Ayiti, depi plizyè mwa, se yon plan byen monte, dirijan politik peyi d Ayiti yo marinen ak kominote entènasyonal la. Depi militè etranje ta retounen ankò sou teritwa nasyonal la, gen yon seri pwosè ki p ap fèt. Se dizon òganis Gadyen dwa moun, ki mande Òganizasyon nasyon zini dedomaje viktim kolera yo nan peyi d Ayiti.
6. Gouvènman defakto a kontinye pa fè anyen pou kwape gang ak zam yo. Nan plizyè katye, moun pa sispann resevwa bal mawon lakay yo ak nan lakou lakay yo. Moun pa gen dwa sikile kòmsadwa, akoz menas gang ak zam yo, k ap tire gwou kout zam, san gade dèyè, toupatou sou teritwa nasyonal la.
7. Lannuit vandredi 7 pou antre samdi 8 oktòb 2022 a, gang ak zam Villaj dedye a, ki nan sid Pòtoprens, pase sou lanmè, apati zòn Simonèt, nan nò Pòtoprens, atake divès enstalasyon Moulins d’Haïti, pa twò lwen waf Lafito a. Se menm gang kriminèl 5 segonn Vilaj dedye sa a, ki gen nan tèt li Izo, ki te pran kontwòl palè jistis Pòtopres lan, vandredi 10 jen 2022 a, gouvènman defakto Ariel Henry an te di se pa vre a.
8. 12 manm Kongrè ameriken an mande prezidan peyi Etazini a, Joe Biden, pran sanksyon kont tout moun ki nan mare sosis ak lajan ak gang ak zam yo nan peyi d Ayiti.
9. Depatman leta ameriken an mande tout natif natal peyi Etazini yo, k ap travay nan anbasad ameriken Pòtoprens lan, pati kite teritwa Ayiti a. Depatman leta ameriken di li pran desizyon sa a, akoz kè sote li genyen sou konsekans ratman gaz la, avèk gamg ak zam ki bloke pasaj nan sant estokay gaz nan Vare a, komin Site Solèy, epitou akoz epidemi kolera a, ki reparèt ankò, depi koumansman mwa oktòb 2022 a, nan peyi d Ayiti.
10. Mande fòs militè etranje debake ankò nan peyi d Ayiti, pou vin goumen kont gang ak zam ak kont kolera a, p ap pote okenn rezilta. Se yon konpòtman meprizan, gouvènman defakto Ariel Henry an genyen sou dwa granmoun peyi d Ayiti a, li kontinye pilonnen anba pye l. Se dizon pati politik Rasanbleman sosyal demokrat pou pwogrè peyi d Ayiti (Rsd).
11. Gouvènman peyi Etazini an nan diskisyon, kounye a, ak gouvènman defakto Ayiti a plis plizyè patnè entènasyonal yo, pou fè yon evalyasyon sou demann debakman militè etranje, nan peyi d Ayiti a, dapre depatman leta ameriken, jounal Miami Herald site.
12. Pati politik Mouvman pou transfòme ak pou bay peyi d Ayiti valè, yo plis konnen sou non Mtv Ayiti, di li retire kò l nan akò 11 septanm 2021 Ariel Henry an. Desizyon ogmante pri gaz la, nan nivo plis pase 100 pousan, sou mache nasyonal la, ak mank respè sa k ekri nan akò 11 septanm 2021 an, se sa k pouse pati politik Mtv Ayiti rale kò l nan akò 11 septanm 2021 an, dapre sa l di.
13. Pou ekzèsis 2022-2023 a, se Marie Nelta Féthière, prezidant, ak Pierre Volmar Démesyeux, prezidan an apre, ki soti nan eleksyon vandredi 7 oktòb 2022 a, nan Lakou dèkont peyi d Ayiti.
[jep rc gp apr 10/10/2022 23:00]