Pòtoprens, 07 oktòb 2022 [AlterPresse] — Envitasyon lame etranje sou tè Ayiti, trayizon, mobilizasyon, rapatriman, dèy nan laprès…
1. Jan anpil moun te sispèk sa, depi plizyè mwa, gouvènman defakto a mande, jedi 6 oktòb 2022 a, fòs militè etranje debake, pou vin sove l nan peyi d Ayiti, dapre sa jounal ameriken an Miami Herald rapòte
2. Demann gouvènman defakto Ariel Henry an, pou militè etranje debake ankò nan peyi d Ayiti, se yon trayizon. Se dizon pati politik Inyon nasyonal pou entegrite ak rekonsilyasyon an (Unir)
3. Jedi 6 oktòb 2022 a, nan kad 52 zyèm Asanble jeneral li, k ap fèt nan Lima (kapital peyi Pewou), Òganizasyon leta ameriken yo (Oea) mande sipò plizyè gouvènman, nan rejyon Amerik la, pou ta ede vin retabli sekirite ak demokrasi nan peyi d Ayiti8
4. Depatman leta ameriken an anonse gouvènman peyi Etazini a pare pou pote èd pa l, ki pral chita sou solisyon kriz, k ap brase bil peyi d Ayiti a, depi plizyè lane
11. Santral otonom travayè ayisyen mande tout fòs konsekan nan peyi a mete kanpe yon gouvènman, ki ta gen karaktè sosyalis, ki kapab konsidere tout revandikasyon popilasyon an
5. Vandredi 7 oktòb 2022 a, plizyè moun blese anba bal, lapolis tire, nan yon manifestasyon kont gouvènman defakto a, ki te derape depi sou boulva 4 chimen an pou antre nan zòn komès Okay la, depatman Sid peyi d Ayiti. Gen manifestan ki te voye wòch sou ajan Inite depatman Sid pou kenbe lòd la (Idmo), ki t ap pwoteje lokal yon sikisal Inibank, nan 4 chimen
6. Plizyè manifestan piye lokal Karitas Jakmèl, depatman Sidès, vandredi 7 oktòb 2022 a. Anpil anpil moun desann nan lari Jakmèl, pou kontinye, dapre sa yo di, rezistans kont gouvènman defakto a
7. Platfòm peyizan 4 Je kontre rele anmwe epi di li bouke anba tray, rejim Pati ayisyen tèt kale a (Phtk), avèk Ariel Henry kòm maryonèt plis Kò gwoup la, ap fè mas peyizan yo, mas ouvriyèz ak ouvriye yo, mas popilè yo sibi, sou teritwa nasyonal la
8. 275 gason, 17 fanm, pami yo 2 fanm ansent ak 2 k ap viv ak andikap, 13 ti gason ak 7 ti fi : se kantite migran sa yo, gouvènman Repibik Dominiken pimpe vini, nan peyi d Ayiti, pandan mwa septanm 2022 a, dapre Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).
9. Jounalis Hancy Mars, ki te travay nan Televizyon nasyonal, pandan plizyè lane, ki se tou ansyen kolaboratè jounal Nouvelis, mouri, vandredi 7 oktòb 2022 a, ak 40 lane sou tèt li, apre l t ap soufri anba maladi kansè nan ren.
Virewon 6 oktòb 2019
1. Nan yon twazyèm diskou, byen ta lannuit mèkredi 5 oktòb 2022 a, apre diskou 11 septanm plis 18 septanm 2022 a, Ariel Henry mande sekou koimote entènasyonal la, pou vin ede l debloke pasaj nan sant estokay gaz Vare a, nan Site Solèy.
2. Lè l mande kominote entènasyonal la vin ede l debloke sant estokay gaz Vare a, nan komin Site Solèy, ki sou kontwòl federasyon gang ak zam G9 an fanmi ak alye yo, se yon lòt debakman militè etranje, Ariel Henry mande kominote entènasyonal la. Se pozisyon anpil vwa nan peyi d Ayiti, ki konsidere diskou Ariel Henry, lannuit 5 oktòb 2022 a, tankou pawòl, k ap kontinye pase popilasyon an nan betiz, pawòl k ap meprize revandikasyon popilasyon an, ki ekzije l bay talon l.
3. Jedi 6 oktòb 2022 a, peyi d Ayiti nan 4 triyèm semenn mobilizasyon kont gouvènman defakto Ariel Henry an. Anpil lopital, biwo, sèvis, biznis tout kalte fèmen oswa sispann travay, jan yo te konn fè anvan, akoz sitiyasyon latwoublay ak ratman gaz la, k ap pèsiste rèd mare sou teritwa nasyonal la.
4. Jedi 6 oktòb 2022 a, gwo manifestasyon ankò, soti sou wout Frè, rive nan Petyonvil. Lapolis t ap tire anpil kout zam ak gaz lakimojèn, pou eseye gaye foul moun, ki t ap pwoteste, divès kote.
5. Menm jedi 6 oktòb 2022 a, gen moun k al met dife nan 2 machin nan biwo Kontribisyon (Dgi, biwo gwo kontribyab yo) nan zòn Jivena, Petyonvil. Gen yon dèlko ki sote tou, nan biwo Dgi Jivena a, ki pa t boule. Dapre manifestan yo, ki te mete barikad, ta gen timoun ki mouri, lè lapolis te simen gaz lakimojèn, nan dènye jou sa yo. Manifestan yo di y ap pote repons pa yo, bay Ariel Henry, ki pa pran popilasyon an pou anyen.
6. Nou pa gen destinasyon. Se pawòl plizyè moun, ki soti Vètyè, ki t ap antre, apremidi jedi 6 oktòb 2022 a, andedan vil Okap, depatman Nò peyi d Ayiti. Te toujou gen barikad divès kote, nan Okap.
7. Apre yon mouvman leve kanpe mèkredi apremidi 5 oktòb 2022 a, anpil moun rasanble nan Savann, desann nan lari ankò, jedi 6 oktòb 2022 a, an direksyon sant vil Okay, depatman Sid peyi d Ayiti, pou kontinye ekzije demisyon Ariel Henry, nan direksyon politik peyi a. Gen moun ki t al piye yon depo branch ayisyen Fon Nasyon zini pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef. Yo sakaje tou yon biznis materyo konstriksyon, nan lokalite Simon, Okay.
8. Nou detèmine. Nou p ap fè bak. Fòk Ariel Henry, ki gen sipò Etazini, Lafrans, Kanada, elatriye, bay talon l. Se revandikasyon plizyè manifestan, ki te kontinye ap pwoteste nan lari, Pòtoprens, jedi 6 oktòb 2022 a, malgre lapolis te simen gaz lakimojèn sou yo.
9. « Nou pral fè makèt, Ariel Henry ap peye ». Se pawòl manifestan, jedi 6 oktòb 2022 a, nan Leyogán, nan sid Pòtoprens.
10. Se yon gwoup mafya, ki dappiyanp Leta a nan objektif pou ranpli pòch yo ak lajan, nan fè sa k pa sa, ki lakoz ratman gaz la sou mache nasyonal la, nan peyi d Ayiti. Se dizon òganis dwa moun Sant Karl Lévêque.
11. Rasanbleman sitwayèn ak sitwayen Kolektif 4 desanm 2013 la krenn yon lòt okipasyon militè etranje, kòm solisyon kominote entènasyonal la ta vle pote, nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti jodi a.
12. Ansyen senatè Lwès, mouvman Montana a te eli kòm premye minis nan yon gouvènman tranzisyon, ki pou enstale a, Steven Benoit, lonje dwèt sou twazyèm diskou Ariel Henry an, ki mande kominote entènasyonal la vin ede l twoke kòn ak gang ak zam yo.
[jep rc gp apr 07/10/2022 23:00]