Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Klima latwoublay, gaz pi ra, kè sote, debakman militè…

Pòtoprens, 30 septanm 2022 [AlterPresse] — Klima latwoublay la pèsiste, gaz pi ra jouwanjou, kè sote sou posiblite pou lekòl la louvri nan klima sa, kesyon debakman militè poze nan yon diskisyon sou Ayiti nan lachanm Etazini, militè dominiken antre sou teritwa ayisyen nan kad ensidan ki rive nan Konpayi devlopman endistriyèl (Kodevi)…

1. Jan sa ye, depi plizyè semenn, anyen pa chanje. Pa gen okenn operasyon chajman gaz, kamyon al fè, depi 12 septanm 2022 a, nan depo gaz Vare a, nan komin Site Solèy, dapre sa responsab sant estokay gaz Vare yo fè konnen, jedi 29 septanm 2022 a.

2. Ratman gaz la ak ogmantasyon pri kous machin ak moto-taksi yo, lavi chè a ak klima laterè a, gang ak zam yo ap simaye sou teritwa nasyonal la : se kondisyon ki p ap pèmèt lekòl yo relouvri lendi 3 oktòb 2022 a. Se dizon plizyè paran, ki pa wè ki jan yo ka espoze pitit yo, voye yo lekòl, nan sitiyasyon latwoublay sa yo.

3. Klima latwoublay, k ap layite sou teritwa nasyonal la, lage gwo kè sote lakay pwofesè yo, lavèy dat 3 oktòb 2022 a, ki ta sipoze dat rantre lekòl la nan peyi d Ayiti. Se dizon Inyon nasyonal nòmalyen ak edikatè Ayiti yo (Unnoeh), ki mande otorite edikasyon yo respekte dwa elèv yo.

4. Pa gen okenn kondisyon, ki reyini, pou seremoni ofisyèl, pou louvri tribinal yo, lendi 3 oktòb 2022 a. Se repons Federasyon bawo peyi d Ayiti, sou envitasyon premye minis defakto a, Ariel Henry, te voye ba yo, pou patisipe, nan yon diskisyon sou Entènèt, vandredi 30 septanm 2022 a.

5. Òganizasyon travayè revolisyonè yo (Otr) di li leve lavwa kont divès atak, ki fèt kont ouvriyèz ak ouvriye, ki t ap eseye ale nan espas travay yo, nan moman te gen zefè nan lari a, kont desizyon ogmatasyon pri gaz la, sou mache nasyonal la.

6. Fòk ta gen debakman militè sou teren an, depi kounye a. Diplomasi nòmal p ap mache nan peyi d Ayiti. Deklarasyon Pamela Ann White, ansyen anbasadris ameriken (ant lane 2012 pou rive 2015) nan peyi d Ayiti. Li t ap pale, jedi 29 septanm 2022 a, nan Washington, douvan komisyon zafè etranje Kongrè peyi Etazini a, sou solisyon ki ta pèmèt Ayiti soti nan kriz k ap brase bil li a, depi plizyè lane.

7. Nan diskisyon, jedi 29 septanm 2022 a, douvan komisyon zafè etranje Kongrè peyi Etazini a, te gen reprezantan Platfòm ayisen dwa moun yo, Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo ak òganizasyon Nou p ap dòmi.

8. Se kominote entenasyonal la, ki kapab ede rezoud pwoblèm sekirite a, nan peyi d Ayiti. Se reyaksyon ekonomis ak politològ ayisyen, Joseph Harold Pierre, sou deklarasyon Pamela Ann White yo, ki swete militè debake ankò, antre nan peyi d Ayiti.

9. Gouvènman defakto a poko janm di yon mo sou tansyon jedi 29 septanm 2022 a, nan Konpayi devlopman endistri (Codevi), nan Wanament, sou fontyè ak vil dominiken Dajabón nan, kote plizyè moun te blese. Akoz evenman sa yo, otorite dominiken nan Dajabón yo te deside fèmen mache sou fontyè a, ki pa t fèt vandredi 30 septanm 2022 a, dapre jounal dominiken Listin Diario.

10. Anpil moun ap mande ki dispozisyon, otorite ayisyen yo te pran, pou anpeche latwoublay al fèt nan Codevi. Depi semenn pase, lè yon seri moun t al sakaje biwo Sèvis jezuit pou refijye (Sjr), nan Wanament, bri t ap kouri sou menas deblozay, ki ta ka rive nan espas Codevi a.

11. Popilasyon peyi d Ayiti a dwe kenbe flanbo mobilizasyon an, anfavè pi bon kondisyon lavi, sou teritwa nasyonal la. Se pozisyon pati politik Fanmi Lavalas, okazyon 30 septanm 2022 a, ki fè 31 lane (se te nan dat 30 septanm 1991) depi miltè ayisyen te bay Jean-Bertrand Aristide yon koudeta, kote anpil moun te pèdi lavi yo. 31 lane apre, viktim yo poko jwenn jistis, dapre pati politik Fanmi Lavalas.

[jep rc gp apr 30/09/2022 23:00]