Pòtoprens, 29 septanm 2022 [AlterPresse] — Manifestasyon pi rèd nan plizyè vil, manifestan mouri ak bal nan Kafou (sou zòn sid kapital la), gang an bandisyon, kriz imanitè a ap vanse…
1. Jedi 29 septanm 2022 a, gen yon jenn gason ki mouri anba bal, nan komin Kafou. Ta gen plizyè moun tou ki blese, nan Kafou, kote anpil anpil moun te desann nan lari ankò, pou pwoteste kont gouvènman defakto a.
2. Plizyè biznis ak bank, ki te louvri pòt yo, te kouri fèmen, jedi 29 septanm 2022 a, nan komin Petyonvil ak Dèlma. Nan Petyonvil, gen militan ki fè agresyon (ki voye anpil kou) sou Magali Habitant, ansyen direktris jeneral Sèvis nasyonal jesyon fatra yo (Sngrs), ki te rive monte yon moto ale, apre l te tonbe, detan l t ap eseye chape poul li.
3. Jedi 29 septanm 2022 a, anpil anpil moun desann nan lari vil Gonayiv, depatman Latibonit, pou kontinye ekzije demisyon premye minis defakto a, Ariel Henry, nan direksyon politik peyi d Ayiti.
4. Aktivite yo toujou rete paralize, jedi 29 septanm 2022 a, nan vil Miragwán, depatman Nip, kote plizyè dizèn moun manifeste ankò kont rejim defakto a, ki sou pouvwa a.
5. Branch, nan peyi d Ayiti, Fon Nasyon zini pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef, deklare, jedi 29 septanm 2022 a, li bezwen an ijans plis pase 64 milyon edmi dola ameriken, pou pote èd imanitè bay plis pase yon demi milyon timoun, ki nan gwo soufrans nan peyi d Ayiti.
6. Gouvènman defakto a pa prevwa okenn aksyon konsekan kont gang ak zam yo, k ap kontinye simaye laterè sou popilasyon an, k ap pran plis plas, chak jou pi plis, sou teritwa nasyonal la. Se dizon Platfòm ayisyen k ap defann dwa moun yo, ki t ap patisipe, jedi 29 septanm 2022 a, nan yon diskisyon, douvan chanm reprezantan yo nan peyi Etazini, sou ki jan pou retabli lapè ak sekirite nan peyi d Ayiti.
7. Madi swa 27 septanm 2022 a, bandi ak zam kidnape 5 manm fanmi polisye nasyonal Bekens Dieudonné, ki se yon ajan Biwo k ap lite kont trafik dwòg, yo plis konnen sou non Blts. Bandi ak zam sa yo kidnape papa polisye a, madanm li ak 3 pitit yo, anvan yo boule kay polisye a, nan Tòsèl, nan lès Pòtoprens.
8. Ant vandredi 23 pou rive madi 27 septanm 2022 a, lajistis fè konsta kadav 7 prizonye, ki mouri anba grangou oubyen maladi tibèkiloz, nan prizon sivil Ti Gwáv, sou wout nasyonal nimewo 2 a
5. Madi 27 septanm 2022, akoz pwoblèm dlo ak lamanjay, yon prizonye mouri nan prizon sivil Gonayiv, depatman Latibonit.
9. Ant 23 dawout pou rive 27 septanm 2022 a, gen 12 prizonye, ki mouri anba grangou, nan prizon peyi d Ayiti yo. Se chif, ki soti nan Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen, yo plis konnen sou non Opc, ki mande fanmi prizonye, ki mouri sa yo, mete tèt yo ansanm, pou pote plent kont Leta ayisyen douvan lajistis entènasyonal.
10. Te gen gwo tansyon, jedi 29 septanm 2022 a, nan espas Konpayi devlopman endistri yo (Codevi), nan Wanament, sou fontyè vil dominiken Dajabón nan. Anpil moun ta blese, nan espas faktori Codevi Wanament yo, dapre premye enfòmasyon yo.
11. Leta nan peyi d Ayiti dwe rekonèt dwa pou fanm retire yon pitit, ki ta tonbe nan vant li. Leta nan peyi d Ayiti dwe mete bon jan kondisyon, ki pou garanti dwa lasante tout fanm, ki ta swete retire yon pitit nan vant yo. Se dizon Kolektif sou dwa fanm genyen pou pote yo nan bon kondisyon sante, ki ka pèmèt yo deside sou pouvwa fè pitit yo ak ki lè yo ka fè pitit, okazyon 28 septanm, ki se jounen entènasyonal dwa pou fanm fè avòtman, lè l deside sa.
12. Ant 28 septanm pou rive 28 oktòb 2022 a, se peryòd mwa lang ak kilti Kreyòl. Malgre latwoublay, ki genyen kounye a, ministè edikasyon nasyonal di, sou kont Twitter l, li kontan fè pwomosyon yon lòt pwogram aprantisay nan lekòl yo, ki chita sou tradisyon, sou valè, sou idantite kiltirèl ak lang, yo ta ka sèvi ak yo pou goumen kont divizyon, kon inegalite epi pou jwenn chimen libète. Ministè edikasyon nasyonal pran pozisyon sa a, nan moman kondisyon yo pa reyini pou rantre lekòl la, li te ranvwaye 5 septanm 2022 a, ta fèt lendi 3 oktòb 2022 a
Virewon 28 septanm 2022
1. 11 moun rive sove, 5 pasaje disparèt, lè yon ti bato, ki t ap pote 16 pasaje, soti Leyogán pou ale nan Nò peyi a, koule, madi maten 27 septanm 2022 a, toupre zile Lagonav, pa twò lwen Pòtoprens, dapre Sèvis Leta ki okipe de zafè lanmè ak vwayaj sou lanmè nan peyi d Ayiti.
2. Douvan pwoblèm ratman gaz la, ki gen konsekans sou aktivite l yo, lopital prive Bernard Mevs fè konnen li mete kanpe yon plan ijans, kote l bese nan kantite ekip laswenyay li yo ak nan sèvis lasante disponib yo.
3. « Anpil moun kapab pèdi lavi yo nan peyi d Ayiti, nan moman latwoublay sa yo, kote sèvis lasante, moun plis bezwen yo, kapab bloke nètalkole, akoz ratman gaz la, k ap pèsiste a, finisman mwa septanm 2022 a ». Se avètisman Ulrika Richardson, ki se kòdonatris imanitè Òganizasyon Nasyon zini nan peyi d Ayiti.
4. Mèkredi 28 septanm 2022 a, plizyè milye moun desann nan lari, vil Okap, depatman Nò peyi d Ayiti, pou kontinye ekzije Ariel Henry bay talon l. Gen moun ki te atake yon makèt nan vil la. Sekretè jeneral Nasyon zini a, Antonio Guterres, ta dwe mande Ayiti padon, pou pawòl li yo, kote l te fè kwè se gang ak zam, ki dèyè leve kanpe jeneral, sou teritwa nasyonal la, dapre sekretè jeneral pati politik Pitit Desalin nan.
5. Apre yon nuit nan mobilizasyon, plizyè milye moun, nan Gonayiv, depatman Latibonit lan, te kontinye ekzije demisyon premye minis defakto a, Ariel Henry. Ansyen chèf rebèl mouvman 2004 la kont ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, Wilfort Ferdinand, tout moun konnen sou non Ti Will, te nan tèt manifestasyon mèkredi 28 septanm 2022 a.
6. Nan Ti Gwáv, sou wout nasyonal nimewo 2 a, mèkredi 28 septanm 2022 a, toujou gen barikad, divès kote, nan vil la. Gen 6 prizonye, ki pa t jwenn manje ak sila ki te pwoblèm lasante, tankou maladi tibèkiloz, ki mouri nan prizon sivil Ti Gwáv, nan dènye jou sa yo.
7. Mèkredi 28 septanm 2022 a, pou yon twazyèm jou, youn dèyè lòt, tout aktivite te paralize nan Potoprens ak plizyè lòt vil an pwovens. Tout gwo komès ak biwo leta yo te kite pòt yo fèmen. Pa t gen anpil machin ni motosiklèt nan lari an. Sendika transpò piblik yo te lanse modòd grèv jeneral 3 jou, pou proteste kont desizyon ogmantasyon pri gaz la.
8. Deklarasyon 26 septanm 2022 a, minis defakto afè etranje a, douvan Konsèy sekirite Nasyon zini, ki ta vle fè konprann tout bagay sou kontwòl nan peyi d Ayiti, kote ki gen latwoublay, depi lendi 12 septanm 2022 a, se yon erè grav, ki montre Jean Victor Généus gen yon konpòtman, ki pa responsab. Se pozisyon plizyè asosyasyon patwon, ki estomake anpil douvan kalte pawòl sa yo, yo konsidere ki pa koresponn ditou ak reyalite jodi a, nan peyi d Ayiti.
9. Anbasad Etazini nan Pòtoprens mande natif natal ameriken yo reflechi seryezman, pou retounen nan peyi yo, douvan pwoblèm sekirite, ratman gaz, k ap pèsiste nan peyi d Ayiti, ki nan katyouboumbe nètalkole.
10. Biwo suivi akò Montana a denonse diskisyon, k ap fèt ant prezidan eli mouvman Montanan a, Fritz Alphonse Jean, ak Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) avèk Volontè pou devlopman Ayiti, sou yon pwopozisyon, ki depaman ak akò 30 dawout 2021 an.
[jep rc gp apr 29/09/2022 23:00]