Pòtoprens, 26 septanm 2022 [AlterPresse] — Kidnapin, piyay, manifestasyon, grèv, ratman gaz pèsiste an Ayiti.
1. Lannuit dimanch 25 pou antre lendi 26 septanm 2022 a, bandi ak zam kidnape, nan Petyonvil, Hervé Boursiquot, ki se direktè jeneral Ofis nasyonal patnè nan edikasyon an (Onape).
2. Dimanch 25 septanm 2022 a, lapolis nasyonal rive anpeche yon zak kidnaping, sou Channmas, Pòtoprens. Gen 2 moun, lapolis sispèk ki ta bandi, ki mouri nan boukantay kout zam ak ajan polis yo.
3. Byen bonè lendi 26 septanm 2022 a, yon seri moun sakaje ak fè piyay nan biwo depatman Latibonit ministè ekonomi ak finans, ki chita nan ri Louvèti, Gonayiv.
4. Plizyè milye moun manifeste, lendi 26 septanm 2022 a, nan komin Kafou, ki te bloke depi plizyè semenn, pou kontinye ekzije demisyon premye minis defakto a, Ariel Henry. Te gen barikad kawoutchou ki t ap boule, nan lari Kafou yo.
5. Lendi 26 septanm 2022 a, plizyè dizèn moun desann nan lari Gonayiv, depatman Latibonit, pou kontinye ekzije demisyon premye minis defakto a Ariel Henry. Tout aktivite komès yo te paralyze. Divès kote, te gen barikad, ki te anpeche sikilasyon machin ak motosiklèt yo.
6. Apre 3 jou aktivite yo te reprann yon fason timid, nan kèk komin, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tout aktivite yo te paralyze nètalkole, depi byen bonè, lendi 26 septanm 2022 a. Manifestan te mete barikad, divès kote, pou mande Ariel Henry kite direksyon politik peyi a. Pèsonn pa rive konnen si aktivite yo, ki paralyze nèt, gen arevwa ak yon modòd grèv, kèk sendika transpò te lanse pou 3 jou, ant lendi 26 pou rive mèkredi 28 septanm 2022 a, sou teritwa nasyonal la.
7. Ratman gaz la toujou ap pèsiste rèd mare, depi plizyè mwa, sou teritwa nasyonal la. Ou bezwen jis 3 mil 500 goud pou w achte yon galon gazolin, nan lari a. Nan vil Okay, depatman Sid, yon galon gazolin vann jiska 5 mil goud, nan jou sa yo.
8. Akoz ratman gaz nan depo gaz yo, Pak endistri Karakòl la, depatman Nòdès peyi d Ayiti, kote plis pase 12 mil 500 moun ap travay nan faktori yo, sispann tout aktivite l yo, lendi 26 septanm 2022 a.
9. Ant lendi 19 pou rive dimanch 25 septanm 2022 a, malgre ratman gaz lan, 8 moun mouri ak 31 lòt blese, nan 16 aksidan sikilasyon sou wout yo nan peyi d Ayiti, dapre Sèvis teknik ak operasyon pou prevni aksidan machin ak motosiklèt sou teritwa nasyonal la (Estòp aksidan).
10. Famasi ini pou yon monn ki gen pi bon kalite lasante : se tèm jounen mondyal famasyen yo, 25 septanm nan, nan peyi d Ayiti. Nan okazyon an, ministè sante piblik di li wete chapo l douvan travay famasyen yo ap fè, sou teritwa nasyonal la.
[jep rc gp apr 26/09/2022 23:00]