Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Lapolis touye manifestan, apèl tèt ansanm, trafik zam, inisyativ Etazini…

Pòtoprens, 24 septanm 2022 [AlterPresse] — Lapolis touye ak blese manifestan pandan l ap kraze manifestasyon kont lavichè nan plizyè vil, prezidan Akò Montana a lanse apèl tèt ansanm, inisyativ Etazini pou yon rezolisyon kont gang, manda pou arete yon lòt pè episkopal pou trafik zam…

1. Vandredi 23 septanm 2022 a, yon moun mouri anba bal ak plis pase yon dizèn lòt blese tou anba bal, nan divès mouvman pwotesatsyon, lapolis Okay, depatman Sid peyi d Ayiti, t ap eseye kraze. Gen yon seri moun, ki ta eseye met dife nan tribinal sivil Okay la, dapre premye enfòmasyon yo.

2. Jedi 22 septanm 2022 a, nan komin Ench, depatman Plato santral, 2 moun blese, lè manifestan, ki te an kòlè, mete dife nan yon estasyon distribisyon gaz, ki sibi gwo dega. Manifestan yo te voye wòch tou sou ajan lapolis, ki t ap eseye retire barikad, ki pa t twò lwen estasyon gaz sa a.

3. Pakè tribinal sivil Pòtoprens mete manda, pou Lapolis mennen ba li, pè Jean Madoché Vil, ki se prezidan komisyon pèmanan Legliz episkopal katolik anglikan peyi d Ayiti. Depi dat 14 jiyè 2022 a, lè ladwann Pòtoprens te sezi yon chajman zam, epi apre arestasyon komisyonè nan Ladwann Gina Jean Louis Rolls, non Legliz episkopal katolik anglikan site byen fò nan yon dosye trafik zam katouch ak lòt batanklan zam, nan peyi d Ayiti.

4. Òganizasyon Nasyon zini mande pou sispann nan peyi d Ayiti zak dechoukay èd imanitè yo, yon seri endividi,ki pwofite de mouvman leve kanpe/pwotestasyon nan lari kont gouvènman defakto a, al fè nan dènye jou sa yo.

5. Dwe gen yon tèt ansanm ant divès aktè, pou pote repons konsekan, pi vit posib, sou pakèt kè sote popilasyon peyi d Ayiti a genyen jodi a. Se dizon prezidan eli, ki soòti nan akò Montana 30 dawout 2021 an, Fritz Alphonse Jean, nan yon mesay li voye, jedi 22 septanm 2022 a.

6. Prezidan ameriken an, Joe Biden, ap pare l pou fè, lendi 26 septanm 2022 a, yon pwopozisyon rezolisyon, l ap soumèt bay Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini. Pwopozisyon rezolisyon sa a pral tabli sou nouvo dispozisyon, yo ka pran kont tout chèf gang k ap simen laterè sou popilasyon an, nan peyi d Ayiti, dapre sa yon responsab politik gouvènman peyi Etazini a di jounal ameriken an Miami Herald.

7. Ak desisyon monte pri gaz la sou mache nasyonal la, gouvènman defakto a pran an, se tout pri, pwodui moun plis bezwen, ki pral ogmante. Se avètisman Sant analiz ak rechèch nan dwa moun.

8. Amnesty International denonse arestasyon gwo ponyèt, move tretman, zak imilyasyon, ki se zak maspinay dwa moun, otorite ameriken yo fè sou plizyè natif natal Ayisyen, ki t ap mande azil nan peyi Etazini.

9. François Fortuné, moun te konnen sou non Ti Nonm, youn nan moun ki te met kanpe gwoup mizik vodou Rasin Mapou, mouri, jedi swa 22 septanm 2022 a, ak 59 lane sou tèt li. Ti Nonm, ki t ap soufri anba pwoblèm nan ren l, se te frè Lenord Fortuné, moun te konnen sou Non Azò, ki te mouri limenm nan lane 2011, ak 46 lane sou tèt li.

[jep rc gp apr 24/09/2022 00:00]