Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Atak pòs polis, prizon kraze, piyay, arestasyon, inisyativ sou kriz la…

Pòtoprens, 23 septanm 2022 [AlterPresse] — Atak komisarya polis nan Kabarè (nò kapital la), prizon fanm nan menm zòn nan kraze, piyay kontinye ap fèt, lapolis fè arestasyon, Etazini ak Kanada ap pran inisyativ sou kriz Ayiti a…

1. Ta gen anpil prizonyèz ki sove, jedi 22 septanm 2022 a, lè bandi ak zam atake ak kase prizon fanm nan Kabarè a, sou wout nasyonal nimewo 1 an, kote ki te gen 282 fanm ki te fèmen, sou kont lajistis. Gen yon polisye nasyonal ki blese, nan monan bandi ak zam atake komisarya polis komin Kabarè a, menm jounen jedi 22 septanm 2022 a, dapre premye enfòmasyon òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl) ranmase.

2. Olrich Toussaint, se non yon prizonye, ki mouri, mèkredi 21 septanm 2022 an, nan Penitansye nasyonal, Pòtoprens. Manke dlo potab ak lamanjay nan prizon peyi d Ayiti yo, nan dènye jou sa yo. Se konsekans sitiyasyon latwoublay, peyi d Ayiti ap viv, depi plizyè semen, dapre Kolektif avoka k ap defann dwa moun yo, moun plis konnen sou non Caddho a.

3. Lapolis depatman Nòdwès fè konnen gen yon moun, li sispèk ki ta bandi, yo rele Mèt kafou, ki mouri nan boukantay kout zam ak lapolis, mèkredi 21 septanm 2022. Lapolis Nòdwès di li t ap chèche Mèt Kafou a, li akize ki ta gen arevwa ak zak piyay nan Sant operasyon ijans depatman Nòdwès la ak lakay Sè Myriam nan depatman an.

4. Nan yon operasyon, jedi 15 septanm 2022 a, nan komin Ti Rivyè Latibonit, depatman Latibonit, Lapolis nasyonal di li rive arete Lumarc Jean-Baptiste, ki gen ti non Malbourik, Luckson Elan ak yon lòt moun. 3 moun sa yo, se manm gwoup gang ak zam ki rele « baz Gran Grif », k ap opere nan lokalite Nan Palmis.

5. Lapolis nasyonal di li rive rekipere, nan komin Leyogán, 4 zam, pami yo 3 fizi kalbi 12 ak yon revolvè kalib 38, yon seri moun te vòlò nan zak piyay, ki te fèt nan komin depatmaan Lwès sa a, nan dènye jou sa yo.

6. Mèkredi 21 septanm 2022 a, yon seri moun al piye biwo Pwogram nasyon zini lamanjay, yo plis konnen sou non Pam, nan Bèjo, Okay, depatman Sid peyi d Ayiti.

7. Pou prevni zak piyay yo, sou teritwa nasyonal la, lapolis nasyonal la di li leve desizyon l te pran, jedi 15 septanm 2022 a, pou entèdi moun, ki gen pèmi yo, pa sikile ak zam sou teritwa nasyonal lak.

8. Lavi chè a kapab rive nan nivo plis pase 50 pousan, si gouvènman defakto a kenbe desizyon ogmante pri gaz la, sou mache nasyonal la. Se dizon ekonois ayisyen Eddy Labossière.

9. Aktivite yo gen tandans pou ta reprann piti piti, nan kèk komin zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Men, anpil wout nasyonal toujou bloke ak barikad, divès kote, sou teritwa peyi d Ayiti a, kote moun pa konnen ki sa ki ka pase, nan jou k ap vini yo.

10. Nan yon pozisyon, li rann piblik jedi 22 septanm 2022 a, Sektè lasante ayisyen an mande doktè Ariel Henry pran yon desizyon sajès bay demisyon l, nan lide pou pèmet yon solisyon rapid nan kriz lese pra. Sektè lasante a tou mande tout òganizasyon, ki deja gen pwopozisyon pa yo, jwenn yon antant prese prese, ki ta pèmèt mete yon ekip konpetan, san paspouki, pou mennen bak peyi d Ayiti a.

11. Li nesesè pou gen, pi vit posib, yon woumble politik ki va pèmèt yo met kanpe yon nouvo gouvènman, ki pou rezoud kriz peyi d Ayiti a. Se dizon ansyen depite Jerry Tardieu, ki se prezidan pati politik An Avan.

12. Douvan Asanble jeneral Nasyon zini an, gouvènman peyi Etazini ak Kanada mande plis sipò kominote entènasyonal la bay peyi d Ayiti, pou ede l jwenn solisyon nan kriz, k ap brase bil li a depi plizyè lane. Sou bò pa l, prezidan ameriken an Joe Biden deklare l ap pote kole ak pèp ayisyen an, k ap fè fas kare ak defi politik, ratman gaz ak zak vyolans gang ak zam, ki lakoz gwo konsekans imanitè, nan jou sa yo.

13. Nan moman li t ap patisipe nan 77 tyèm Asanble jeneral Nasyon zini an, prezidan kolonbyen an, Gustavo Prieto, prezante eskiz li bay peyi d Ayiti, pou zak sasinay, 7 jiyè 2021 an, sou ansyen prezidan defakto a, Jovenel Moïse. Yon zak kò sasinay, ki gen anpil ansyen militè kolonbyen kòm sispèk.

[jep rc gp apr 23/09/2022 00:00]