Español English French Kwéyol

Yon gwoup pwofesyonèl la sante an Ayiti lanse petisyon pou mande doktè Ariel Henry kite pouvwa a

Apèl Sektè Pwofesyonèl lasante Aysyen an pou demisyon Dr Ariel Henry

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 21 septanm 2022

Lè nou konsidere kalfou malouk peyi a rive la, asasina, grangou, mizè, gaz nan mache nwa, blokis ant depatman yo, tout pri pwodwi nesesite yo ki monte bwa,

Lè nou konsidere pifò lopital andedan kapital la ak nan vil pwovens yo paka fonksyone pou tèt pwoblèm gaz ak ensekirite,

Lè nou konsidere pwoblèm medikaman ak lòt entran nan lopital yo ki anpeche nou bay popilasyon swen kòm sa dwa,

Lè nou konsidere kantite lopital ak sant santé ki oblije fèmen pou divès rezon (oksijèn, ensekirite, elatrye),

Lè nou konsidere moun kap mouri lakay chak jou paske yo pa ka sikile pou ale pran laswenyay ke ka yo merite,

Lè nou konsidere kantite pwofesyonèl lasante ak pwofesyonèl lòt sektè yo kidnape asasine kap sibi tout lot fòm ensekirite ; sa ki lakòz chak jou yap kite peyi a pa ban ak pa pakèt,

Lè nou konstate, depo medikaman, biznis moun, kay moun, lekòl, labank, biwo Leta ak lòt enstitisyon kap piye, boule chak jou nan yon peyi ki deja pa genyen anpil resous,

Lè nou konstate rèl leve kanpe kap fèt toupatou nan peyi a,

Lè nou konsidere tout swadizan jefó pou dyalóg k ap fèt ki pa bay okenn rezilta,

Lè nou konstate chofè, ti machann, ouvriye, plantè, ak tout rès popilasyon an vinn pi pa wè ni devan ni dèyè pou rantre lekòl la,

Lè nou konsidere sitiyasyon popilasyon ap viv la pa ka rive pi lwen ankò,

Nou menm nan sektè lasante a, nan lide pou fasilite yon sòti kriz rapid, nap mande Dr Ariel Henry, ki fòme anpil jenarasyon pwofesyonèl lasante epi ki gen angajman nan anpil lòt òganisasyon tankou legliz, pou li pran yon desizyon sajès bay demisyon l.

Nou mande ak tout fòs nou, pou tout regwoupman, enstitisyon ki deja bay pwoposisyon pou rezolisyon kriz la jwenn yon antant rapid, san chire pit pou mete yon ekip entèg ak konpetan kap ka mennen peyi a nan bon jan eleksyon.

Viv yon leta ki koupe fache ak gaspiyaj, lamizè, koripsyon, gang, ensekirite ki pran wout devlopman pou tout pitit tè Dayiti.

Viv yon peyi granmoun tèt li.

Pòtoprens, 21 septann 2022

Premye siyatè yo :
Paule Andrée Byron-Louis, MD
Romel Cajuste, PH
Armel Demorcy, MD
Ernst Jean-Baptiste, ANTMH
Rony Pierre, MD
Lunick Santiague, MD
Guirlène Valbrun, MD
Jeffson Bercy, MD
Marie Lucy Chaudry, Inf. \

Lyen petisyon an