Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gaz toufe manifestan, transpò piblik kanpe, piyay, reyinyon entènasyonal

Pòtoprens, 22 septanm 2022 [AlterPresse] — Gaz lakrimojèn toufe manifestan nan Jakmèl (Sidès), transpò piblik toujou kanpe, piyay kontinye, yon reyinyon entènasyonal tanmen sou kriz Ayiti a…

1. Nan Jakmèl, madi apremidi 20 septanm 2022 a, Diego Jean Charles, ki te gen 34 lane sou tèt li, mouri, lè yo mennen l lopital, apre l te vin gen difikilte pou respire. Malgre l pa t nan manifestasyon, Diego Jean Charles te resevwa sant gaz lakimojèn, lapolis te simen, pou gaye yon lòt mouvman pwotestasyon kont klima laterè a, kont desizyon ogmantasyon pri gaz lan ak kont lamizè ak lavi chè.

2. Mèkredi 21 septanm 2022 a, lapolis nasyonal gaye ankò ak gaz lakimojèn, sou Lali a, nan Pòtoprens, yon manifestasyon pwotestasyon, ki te derape, san bri san kont, sou Channmas la.

3. Transpò piblik la toujou paralize, mèkredi 21 septanm 2022 an, nan zòn metropoliten Pòtoprens lan ak nan plizyè lòt vil an pwovens, kote ratman gaz lan kontinye pèsiste. Ponp yo ak anpil nan bank yo rete fèmen, detan komès detay yo ap eseye reprann piti piti.

4. Mèkredi 21 septanm 2022 a, Sant estokay gaz Vare a, nan Site Solèy, ki gen kapasite resevwa plis pase 70 pousan gaz nan peyi a, toujou bloke, avèk barikad ak twou, yo fouye nan zòn nan. Anplwaye ak operatè pa ka vin travay. Kamyon pa ka pase, al pran gaz, pou ta pote nan estasyon distribisyon gaz yo.

5. Lapolis nasyonal nan Jeremi, depatman Grandans, anpeche, mèkredi 21 septanm 2022 a, plizyè endividi piye Kolèj Sen Lwi, nan vil la.

6. Mèkredi 21 septanm 2022 a, plizyè sitwayen, ki te gen divès materyèl nan men yo, al netwaye, sou Channmas la, nan Pòtoprens, moniman pou fè sonje Jean Jacques Dessalines, yon seri moun te benyen ak fatra madi 20 septanm 2022 a. Apre netwayaj lan, sitwayen sa yo depoze bouke flè anba pye moniman Jean Jacques Dessalines lan.

7. Se mèkredi 21 septanm 2022 a premye minis Kanada a, Justin Trudeau, tanmen yon reyinyon chita pale sou Ayiti, ak plizyè patnè peyi Karayib ak lòt peyi nan rejyon Amerik yo. Gade ki jan kominote entènasyonal la ta ka ede, nan ankouraje solisyon nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a, se ta objektif diskisyon yo ant divès dirijan politik nan zòn nan.

[jep rc gp apr 22/09/2022 00:00]