Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Lapli, kòlè, difikilte livrezon gaz

Pòtoprens, 20 septanm 2022 [AlterPresse] — Siklòn Fiona epaye Ayiti, ki resevwa sèlman kèk lapli, ki pa etenn kòlè ki limen depi ogmantasyon pri gaz la plis pase 100%.

1. Akoz siklòn Fiona a, ki nan rejyon Karayib lan, konpayi avyon Sunrise Airlines deside annile tout vòl, ant Ayiti ak Repiblik Dominiken, menm jan ak tout vòl ant Okap/Pòtoprens ak Okay/Pòtoprens

2. Akoz gwo vag lanmè yo, ki ka monte nan nivo 12 pye wotè, otorite yo entèdi aktivite bato, lendi 19 ak madi 20 septanm 2022 a, bò kòt Nòdès, Nò ak Nòdwès peyi d Ayiti yo

3. Ant lendi 12 pou rive dimanch 18 septanm 2022 an, 2 moun mouri ak 21 lòt blese, nan aksidan sou wout yo nan peyi d Ayiti, dapre Sèvis teknik ak operasyon pou prevni aksidan machin ak motosiklèt sou teritwa nasyonal la (Estòp aksidan).

4. Li pa posib pou kamyon al ranpli gaz nan depo gaz Vare a, nan Site Solèy, akoz gwo twou yo fouye nan zòn sant estokay gaz Vare a, plis barikad ki genyen nan zòn nan. Se sa responsab depo gaz Vare a, nan Site Solèy, anonse lendi 19 septanm 2022 a.

5. Byen bonè lendi 19 septanm 2022 a, anpil moun al sakaje biwo Caritas nan Sen Lwi di Nò, depatman Nòdwès. Yo pote ale tout pwodui lamanjay yo jwenn, menm jan sa te rive, semenn pase, nan Caritas Gonayiv, depatman Latibonit.

6. Diskou 18 septanm 2022 a Ariel Henry an vin ogmante nivo kòlè popilasyon an, k ap viv move sitiyasyon, depi plizyè mwa, nan peyi d Ayiti, dapre anpil moun, ki manifeste ankò, nan lari a, lendi 19 septanm 2022 a.

7. Lendi 19 septanm 2022 a, tout aktivite yo kontinye paralyze nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak plizyè vil nan pwovens (Okap/depatman Nò, Gonayiv/depatman Latibonit, Jakmèl/depatman Sidès, Jeremi/depatman Grandans). Anpil anpil moun desann nan lari Kafou, Dèlma ak Petyonvil, pou ekzije demisyon premye minis defakto a Ariel Henry.

8. Lendi 19 septanm 2022 a, lapolis nasyonal la gaye, ak anpil gaz lakimojèn, foul moun ki t ap manifeste kont gouvènman defakto Ariel Henry an ak kont desizyon ogmantasyon pri gaz lan.

9. Yon lòt fwa ankò, plizyè santèn moun te manifeste, lendi 19 septanm 2022 a, nan lari vil Jeremi, depatman Grandans. Detan yo t ap mande demisyon Ariel Henry, manifestan yo t ap pwoteste tou kont desizyon ogmantasyon pri gaz lan ak kont lavi chè a. Lannuit dimanch 18 pou antre lendi 19 septanm 2022 a, mount e tande anpil kout zam, ki t ap tire nan vil Jeremi, kote aktivite yo rete bloke.

10. San l pa bay dat, lapolis nasyonal di gen Loubens Saint-Fleur ak Giro Alinéus, li sispèk ki ta bandi, ki mouri nan boukantay kout zam ak ajan polis, nan komin Kwadèboukè a.

11. Se fanmi yo, olye gaz, yo ta dwe bay sibvansyon, nan peyi d Ayiti. Deklarasyon sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini an, nan yon entèvyou li bay chenn televizyon franse France 24, dimanch 18 septanm 2022 a.

[jep rc gp apr 20/09/2022 00:00]