Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Yon ti kalmi, lòt diskou Ariel Henry, anpil kè sote

Pòtoprens, 19 septanm 2022 [AlterPresse] — Malgre yon ti kalmi finisman semenn pase a, anpil wout toujou ret bloke nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, koumansman nouvo semenn sa a. Anpil moun toujou gen lakrentif, sou sitiyasyon peyi a, ki ka vin pi mangonmen pi rèd toujou, nan jou k ap vini yo, dapre machwè gonfle ki parèt apre yon lòt diskou Ariel Henry.

1. Nan diskou li bay dimanch 18 septanm 2022 a, sou 8 jou apre diskou 11 septanm 2022 a, Ariel Henry mande moun, ki desann manifeste nan lari yo, nan dènye jou sa yo, poze. Ariel Henry pa bay okenn repons sou kòlè, depi plizyè jou nan lari peyi a, kote anpil moun leve kanpe kont desizyon ogmantasyon pri gaz lan, detan y ap mande demisyon l nan tèt peyi a.

2. Èske se yon tès, èske ratman gaz lan, k ap pèsiste, depi plizyè mwa, sou teritwa nasyonal la, se te yon ratman pwovoke, jan sa te ye nan lane 2021 an ? Se kesyon sa a anpil moun ap poze, lè yo tande premye minis defakto a, Ariel Henry, di, dimanch 18 septanm 2022 a, gen ase gaz, nan depo gaz yo, pou kamyon al pote nan ponp yo, pou afè vann gaz grad divizyon nan lari yo sispann.

3. Plis pase 13 mwa, depi l enstale tèt li, 21 jiyè 2021 an, nan direksyon politik peyi d Ayiti a, apre yon tweet kominote entènasyonal la, Ariel Henry pwomèt li pral jwenn lajan, nan bidjè leta 2022-2023 a, apati lajan gaz lan, pou yon pwogram kalmi sosyal, sou teritwa nasyonal la.

4. Samdi 17 septanm 2022 a, plizyè biznis, ki nan zòn ansyen estasyon machin Gonayiv lan, pa twò lwen komin Site Soley, sibi atak, kote yo sakaje ak piye yo nètalkole.

5. Batiman lekòl yo ak inivèsite yo, se byen piblik yo ye. Yo dwe pwoteje yo. Se dizon ministè edikasyon nasyonal, ki di li gen gwo tèt chaje sou atak yon seri moun al fè sou plizyè lekòl, tankou sa pase nan Gonayiv, depatman Latibonit, vandredi 16 septanm 2022 a.

6. Gouvènman defakto a, atravè ministè lajistis, di li leve vwa l kont zak piyay ak kraze brize, ki fèt, nan dènye jou sa yo. Gen dispozisyon, li di k ap pran pou pini tout sila, ki voye al piye, ak sila, k al fè zak kraze brize yo.

7. Lapolis nasyonal la di li arete plis pase 30 moun, ki t ap patisipe nan zak piyay ak kraze brize, nan biwo Leta ak biznis prive, nan dènye jou sa yo. Lapolis di sa, apre yon reyinyon evalyasyon, yo te fè, vandredi 16 septanm 2022 a, nan objektif pou amelyore plan sekirite lapolis la, douvan mouvman pwotestasyon yo, ki gaye toupatou sou teritwa nasyonal la.

8. Se gwoup kriminèl ak zam, ki andedan gang yo rele Ti Makak la, ki t al sakaje kay mèt Michel André, mèkredi 14 septanm 2022 a, nan Tomasen 48. Gwoup kriminèl ak zam sa yo ta nan konyolo ak politisyen plis ansyen kanmarad, pou komèt zak piyay sa a, dapre mèt Michel André.

9. Klima vyolans lan rive nan yon nivo, moun pa ka asepte ditou. Se yon sitiyasyon ki mete an danje dwa moun yo, nan peyi d Ayiti. Se dizon Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen, ki di li gen gwo kè sote sou jan l wè sitiyasyon an mangonmen anpil, depi plizyè semenn, sou teritwa nasyonal la.

10. Mouvman Montana a, ki dèyè akò 30 dawout 2021 an, deklare li pote solidarite l bay tout moun, ki viktim move konpòtman rejim, ki sou pouvwa politik la. Li fè konnen l ap travay san kanpe, pou rive jwenn yon solisyon nan kriz, k ap brase bil peyi d Ayiti a.

11. Prezidan ti rès sena a, Joseph Lambert, deklare, samdi 17 septanm 2022 a, li pote sipò l bay mouvman pwotestasyon, k ap fèt nan lari a, kont ogmantasyon pri gaz lan, li konsidere tankou yon kout ponya nan kè popilasyon an. Pral gen yon estrikti, ki pral mete kanpe yon nouvo gouvènman tranzisyon, ki va ranplase premye minis defakto Ariel Henry an, dapre sa l pwomèt.

12. Pati politik Rasanbleman demokrat nasyonal pwogresis (Rdnp) deklare li kore leve kanpe popilè a, anpil moun deklannche, depi plizyè jou, kont ogmantasyon pri gaz lan, sou mache nasyonal la. Men, li di li pa dakò ak piyay, ni ak zak kraze brize, k ap fèt kont biwo Leta ak biznis prive yo.

13. Dwa moun genyen, pou yo rasanble epi fè manifestasyon, se yon dwa fondamantal nan tout demokrasi. Men, peyi Etazini pa dakò ditou ak zak vyolans, piyaj, kraze brize, ki fèt, nan dènye jou sa yo, nan peyi d Ayiti. Peyi Etazini pa dakò, non plis, ak tout moun ki dèyè evenman sa yo, nan enterè pèsonèl yo. Se pou sa, gouvènman peyi Etazini a di li swete tout Ayisyen esprime opinyon yo san bri san kont, yon fason ki respekte tout sila k ap travay nan sektè imanitè yo ak lapolis, detan yo va pèmèt Ayisyen, ki nan bezwen yo, gen posiblite, san difikilte, jwenn manje, dlo ak laswenyay kòmsadwa.

14. Premye minis Kanada a, Justin Trudeau, gen entansyon òganize yon reyinyon, sou Ayiti, ak patnè peyi Karayib yo ak lòt peyi nan rejyon an, nan kad 77 tyèm Asanble jeneral Nasyon zini yo, ant madi 20 pou rive jedi 22 septanm 2022 a. Objektif reyinyon sa a, se fè pwomosyon divès mwayen, kominote entènasyonal la ap bezwen, pou fè peyi d Ayiti retounen nan kè poze ak pran wout yon devlopman ki ka dire lontan. Se sa anbasadè kanadyen nan peyi d Ayiti a, Sébastien Carrière, fè konnen sou kont twitter li.

15. Demach prezidan dominiken an, Luis Abinader, ki pa konn ase peyi d Ayiti, ki pa gen okenn lide sou sa ki ta dwe fèt yo, se yon demach malonèt. Pawòl, vandredi 16 septanm 2022 a, ansyen anbasadè ameriken espesyal sou Ayiti, Daniel Foote, ki swete Abinader kontinye konstwi miray li vle a, sou fontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominiken, detan l va rete byen lwen zafè peyi d Ayiti yo.

16. Yon solisyon ayisyen sanble parèt pa posib ditou, chak jou pi plis, nan peyi d Ayiti. Gen plizyè milye moun, k ap mouri. Nou dwe aji kounye a, yon fason responsab, douvan sa k parèt tankou yon lagè sivil, ki ta gen men teyoris entènasyonal dèyè l. Deklarasyon Luis Abinader douvan Òganizasyon Leta ameriken yo (Oea).

17. 2 anplwaye Apn, bandi ak zam te kidnape sou lanmè, nan aswè vandredi 9 septanm 2022 a, detan yo te sou yon chaloup, toupre waf Pòtoprens lan, lage, apre kout fòs lajan, fanmi yo te bay, dapre sa fanmi yo fè konnen dimanch 18 septanm 2022 a. Depi lane 2022 a koumanse, se plis pase 10 anplwaye Apn, bandi ak zam kidnape.

18. Ayiti sou yon lis 10 peyi sou latè, ki espoze pi plis nan boulvès anviwónman an. Ayiti sou menm lis 10 peyi sou latè yo, kote moun, ki pa jwenn ase manje pou manje yo, ogmante nan nivo 123 pousan, depi lane 2016. Se dizon òganis entènasyonal Oxfam, nan yon rapò li met deyò vandredi 16 septanm 2022 a, jounal « Le Monde » site.

[jep rc gp apr 19/09/2022 00:00]