Gotson Pierre
Pòtoprens, 18 septanm 2022 [AlterPresse] --- Gouvènman an fè yon pasaj an fòs, yon zak gwo ponyèt, lè li pran desizyon ogmante gaz la disèt wotè, plis pase doubfwa lavalè, san li pa tande rèl popilasyon an ki di l non.
Li di li te pran angajman, li pa kab fè bak. Alòske, se popilasyon an k ap pote konsekans yo pou kont li, san ankenn otorite pap gen pou fè ankenn sakrifis nan jan y ap viv epi depanse lajan Leta, lajan swè ak san sitwayen ak sitwayèn.
Èske Leta ap sakrifye popilasyon an pou enstitisyon finansman entènasyonal yo, yomenm ki pap leve ti dwèt yo pou ede reyèlman fè fas kare ak konsekans yo?
Kisa semèn ki antre la a rezève pou peyi a? Nou pa konnen.
Kèlkilanswa konfizyon ki kab genyen, kèlkilanswa mannigans ki fèt pou chèche manipile, enstrimantalize yon gwo pati nan popilasyon an k ap soufri anpil anba grangou, nan nuit kou lajounen, gwo leve kanpe ak kraze brize nou viv la montre nivo mekontantman ak kòlè ki gen nan peyi a, yon nivo fristrasyon san parèy.
Tout moun ki li chif evolisyon sitiyasyon peyi a pandan 10 a 12 dènye ane yo konnen byen : kalte bak peyi sa a fè nan nivo devlopman ak posiblite pou jwenn sèvis pa ta kab ret san konsekans!
Se pa sa sèlman. Pratik gangstè a vin yon eleman santral, piske li afekte rapò sitwayen ak Leta ki pèdi anpil nan kapasite l pou kontwole teritwa epi antre an entèraksyon ak kominote yo, pote sèvis ba yo, piti kou li ye.
Nan kontèks sa a tou, kote pouvwa lajan popilasyon an gen nan men l redui nèt, pouvwa lajan ki pa menm vo pip tabak, ki efè ogmantasyon plis pase doub fwa lavalè pri gaz la pral gen sou sosyete a?
Nou deja ap konte anviwon mwatye moun nan peyi a ki gen anpil difikilte pou mete men nan bouch. Konbyen yo pral ye nan jou k ap vini yo? Twaka? 80, 90%?
Sitou ak zak piyaj ki fèt toupatou nan peyi a, anpil moun ki se sous revni pou fanmi yo pral pèdi travay yo… Nan ki nivo sa pral angrave sitiyasyon an?
Kouman yon gouvènman defakto kab pran sou do l gwosè reskonsablite sa k ap pase nan peyi a jodi a, yon ane apre ansainay yon prezidan anndan chanm lakay li, sa ki te reprezante yon siyal terib ki montre gravite kriz la?
Apre desizyon ogmante gaz la fason sa a, ki se yon jès gwo ponyèt je fèmen, zòrèy bouche, èske pòt la pap tou rete louvri pou tout lòt pwojè otoritè pwennfèpa ki te la deja, patikilyèman chanje konstitisyon fay minit, kant Chili fèk montre nou delikatès yon kesyon konsa?
Nan Chili, depi plis pase yon ane, yo antre nan pwosesis sa a, ki sòti nan demann popilasyon an atravè mobilizasyon masif. Yon referandòm pou pran desizyon chanje konstitisyon ou non. Yon eleksyon pou fòme konstitiyant la. Yon lòt referandòm lòt jou pou apwouve tèks nouvo konstitisyon an. Popilasyon an rejte l. Ki vle di, se rekomanse. Se pa pappadap!
Sa ta dwe pote noumenm pa bò isit reflechi sou kesyon chanjman konstitisyon sa a, nan kondisyon sa yo, jan ansyen prezidan Jovenel Moise te prevwa fè l, limenm ak patizan l.
Èske se nan menm kondisyon sa a, nan atmosfè machwè gonfle ki pral kontinye ak ogmantasyon san parèy pri gaz la, eleksyon pral fèt? Nan sitiyasyon yon kriz soyo-ekonomik gravman grav, pandan zam ap tire nan divès katye, moun ap mouri, moun ap sibi dappiyanp kidnapin?
Èske se yon fatalite pou, depi plis pase 30 an, pifò tan, nou blije ap konjige vèb pita pi tris? Kouman fòs peyi a kapab rasanble pou evite, fwa sa a, nou rive nan pi ta pi tris?
Sitiyasyon jodi a mande anpil entèlijans, kouraj, kapasite pou byen rekonèt rapò fòs yo; li mande onètete, senserite ak vizyon klè pou yon sosyete demokratik tout bon. Yon sosyete ki mache dapre volonte pifò moun k ap viv ladan, yon sosyete ki pran wout pwogrè nan tout nivo, ki favorize pwojè kolektif ak endividyèl ki respekte prensip enterè komen.
Di l se yonn, fè l se yon lòt.
Jan nou deja konnen, chimen nou ap long. Men sa k pase nan mitan mwa septanm ak desizyon gwo ponyèt gouvènman ki la a, kapab fè l pi long toujou.
A mwens ke chak franj, chak antite, chak aktè ki gen yon mo pou di oubyen yon jès pou fè nan kriz jodi a, ta sèvi ak sa k pase a tankou yon siyal fò pou fè yo pran men yo, ede yo konprann se swa nou viv ansanm oubyen nou rete yon sosyete mafreze, yon sosyete chen manje chen, ki pa gen ankenn avni.
Yon sosyete an pèdisyon, jan lejann popilè a di sa. Yon sosyete ki toujou gwòs san li pa janm ka rive akouche, san li pa janm ka rive delivre. [gp apr 18/09/2022 11:40]