Pòtoprens, 17 septanm 2022 [AlterPresse] — Vandredi 16 septanm 2022 a, peyi d Ayiti sou 4triyèm jou lòk. Tout aktivite rete bloke, sou teritwa nasyonal la. Barikad kawoutchou ap boule ak divès lòt materyèl nan yon bann zòn nan Pòtoprens ak pwobens. Sikilasyon an konplike, memm sou motosiklèt, sou bisiklèt ak apye. Moun tande kout zam, k ap tire, divès kote epi piyay ap pran chè.
1. Nan Gonayiv, Wo Latibonit (nò), vandredi 16 septanm 2022 a, te gen piyay anpil kote, tankou nan divès depo machandiz ak nan sant operasyon ijans pwoteksyon sivil la pou depatman Latibonit. Manifestan yo, ki te fè plizyè branch, atake plizyè lekòl kongreganis, anpil biwo leta ak biznis prive. Yo atake tou Biwo Nasyon zini pou sèvis k ap kore pwojè yo, moun konnen sou non Unops
2. Vandredi 16 septanm 2022 a, nan Sen Mak, Ba Latibonit, manifestan al fè piyay anpil kote : nan pò Sen Mak la, nan biwo asirans nasyonal, nan mezon Cam transfè, nan biwo konpayi telefòn Digicel ak Natcom, epitou nan lòt biznis.
3. Nan vil Okay, depatman Sid peyi d Ayiti, yon gwoup manifestan antre, vandredi 16 septanm 2022 a, nan yon sikisal Sogebank, pote ale 2 zam kalib 12 ak divès materyèl biwo.
4. Anpil moun te manifeste tou, vandredi 16 septanm 2022 a, nan lari Wanament, depatman Nòdès peyi d Ayiti, kont desizyon ogmantasyon pri gaz, sou mache nasyonal la. Gen manifestan, ki sakaje biwo leta ak biznis prive, nan Wanament
5. Ansyen senatris Edmonde Supplice Beauzile, pouse yon kout rèl anmwe, apre yon seri moun piye, jedi 15 septanm 2022 a, nan Tomasen 32, lakay li, yon kay li te pran 20 lane pou l konstwi. Edmonse Supplice Beauzile, se prezidant pati politik Fizyon, ki nan alyansay ak gouvènman defakto a
6. Sou 4 triyèm jou leve kanpe kont gouvènman defakto Ariel Henry an, koumanse gen ratman dlo, divès kote, sou teritwa nasyonal la. Kamyon pa ka travèse barikad, pou al pote dlo, nan anpil kwen.
7. Plizyè milye fanmi gen difikilte pou al chèche manje, dlo ak lòt, akoz sitiyasyon peyi lòk la, akoz peyi a ki bloke depi kèk jou.
8. Papa jenn gason Widley Joseph, 21 lane, akize Lapolis nasyonal, dèske plizyè ajan, ki te nan yon blennde, ta met dife sou pitit li, sou wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, jedi 15 septanm 2022 a. Widley Joseph, ki se dezyèm loreya nan ekzamen Bakaloreya 2022 a, nan depatman Lwès la, te dwe al etidye lametsin nan peyi Kanada
9. Lapolis nasyonal di li sispann tout otorizasyon pote zam, nan lari a. Lapolis di li pran desizyon sa a, pou fè fas kare ak pwoblèm sekirite, ki genyen nan peyi a, nan dènye jou sa yo
10. Direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la, Frantz Elbé, mande tout direktè lapolis nan depatman yo konvoke tout polisye nasyonal yo, pou garanti lòd piblik la, sou teritwa nasyonal la. Se yon desizyon, ki annile tout konje ak pèmisyon, yo te bay ajan polis yo
11. Peyi d Ayiti ap travèse yon kriz san parèy, nan nivo politik, nan nivo sekirite, nan nivo ekonomik ak nan nivo imanitè. Se kout rèl òganizasyon Nasyon zini, nan okazyon jounen entènasyonal demokrasi a, jedi 15 septanm 2022 an.
12. Anplis anbasad Lafrans, Lespay, Kanada ak Repiblik Dominiken, gen anbasad Meksik ak Taïwan ki deside fèmen pòt yo tou nan peyi d Ayiti, akoz sitiyasyon vyolans ak klima laterè, ki vin pi rèd nan dènye jou sa yo.
13. Kolektif 4 desanm 2013 di li gen anpil kè sote, sou jan sitiyasyon an ap vin pi konplike nan peyi d Ayiti, avèk piyay manifestan ap fè nan biwo leta ak biznis prive, nan dènye jou sa yo. Kolektif 4 desanm 2013 envite gouvènman defakto a tande rezon, nan retounen sou desizyon, pou monte pri gaz yo sou mache nasyonal la.
14. Nènel Cassy, manm yon branch Sektè demokratik ak popilè a (Sdp), ki pa rekonèt lòt branch Sdp a, ki akize l, kòmkwa li ta gen arevwa ak atak sou kay mèt Michel André, mèkredi 14 septanm 2022 a, mande ansyen kanmarad li yo fè anpil pridans, pran anpil prekosyon. Politik la, se konsa li ye. Pafwa, li ka ini w, pafwa li ka mete w nan chire pit, dapre Nènel Cassy.
15. Prezidan dominiken an, Luis Abinader, pa konprann anyen nan kriz, k ap brase bil peyi d Ayiti a. L ap pwofite de konpòtman premye minis defakto a, Ariel Henry, pou rapousuiv pwòp plan batay li. Se dizon ansyen premye minis defakto a, Claude Joseph.
[jep rc gp apr 17/09/2022 00:00]
Imaj ki soti nan videyo sou rezo sosyal yo
Yo mete dife, mèkredi 14 septanm 2022 a, nan yon tribinal Ti Gwav (depatman Lwès)