Pòtoprens, 16 septanm 2022 [AlterPresse] — San kontinye ap koule pandan peyi a sanble yon bato san gouvènay.
1. Lannuit mèkredi 14 pou antre jedi 15 septanm 2022 a, bandi ak zam asasinen anba bal 4 moun, nan zòn Mayi gate, pa twò lwen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan
2. Lannuit mèkredi 14 pou antre jedi 15 septanm 2022 a, yon moun mouri ak plizyè lòt blese anba bal, nan kafou Boyer, Okay, depatman Sid peyi d Ayiti. Moun nan zòn nan lonje dwèt sou ajan lapolis, yo akize ki ta gen men l tranpe nan zak sa yo
3. Jedi 15 septanm 2022 an, plizyè manifestan antre nan biwo Caritas, Gonayiv, depatman Latibonit, kote yo pote ale manje ak mèb enstitisyon an. Yo atake tou biwo ak depo Pwogram Nasyon zini lamanjay, yo plis konnen sou non Pam. Depi byen bonè nan maten, te gen gwo tansyon ak barikad kawoutchou, ki t ap boule, nan site lendepandans lan. Manifestan yo, ki te an kolè, te atake tou batiman piblik kou prive
4. Nan komin Ti Rivyè Nip, depatman Nip, jedi 15 septanm 2022 a, yon gwoup manifestan atake tribinal depè an, epi pote ale anpil materyèl
5. Sou Dèlma a, jedi 15 septanm 2022 a, manifestan atake lokal Televizyon nasyonal d Ayiti a. Yo met dife nan plizyè machin ak motosiklèt, ki te sou lakou a, epi pote ale divès materyèl
5. Jedi 15 septanm2022 a,te gen barikad tou sou wout Mibalè/Laskawobas/Beladè a, nan Ba Plato santral
6. Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti, yo plis konnen sou non Unesco, ak Wo komisarya Nasyon zini pou dwa moun leve lavwa kont kò sasinay, bandi ak zam nan Site Solèy fè, dimanch 11 septanm 2022 a sou jounalis Tayson Latigue ak Frantzsen Charles, detan yo te nan ekzèsis metye jounalis yo.
7. 20 sendika transpò piblik nan tout peyi a mande gouvènman defakto a rantre prese prese desizyon li pran an, yo konsidere kòm kriminèl ak sanginè, pou ogmante pri gaz yo sou teritwa nasyonal la. Yo mande tout chofè yo, tout sendika transpò piblik youvman defakto aèo ak popilasyon an, an jeneral, rete mobilize pou kwape desizyon monte pri gaz yo
8. Estrikti sosyo politik Blòk anti koripsyon (Bac) di li gen kè sote, sou volonte gouvènman defakto a, pou monte pri gaz yo, sou mache nasyonal la
9. Apre anbasad laFrans, Lespay ak Kanada, se anbasad ak konsila Repiblik Dominiken ki fèmen pòt yo nan peyi d Ayiti, akoz latwoublay yo sou teritwa nasyonal la. Tout pèsonèl sivil anbasad ak konsila dominiken an kite peyi d Ayiti
10. Lè yo retire lespwa nan tèt yon popilasyon, li ka tonbe nan nenpòt katyouboumbe. Lè sa a, se nou tout ki pèdi. Se pou sa, depi lontan, n ap di : fòk responsab yo travay, pou chanje kondisyon lavi jenn gason ak jenn fanm, nan peyi a. Yo gen dwa reklame chanjman sa yo, san bri san kont. Se dizon ekonomis Fritz Alphonse Jean, prezidan ki soti nan eleksyon mouvman Montana a
11. Pati politik Bouclier, ki nan alyansay ak Pati ayisyen tèt kale a (Phtk), mande Ariel Henry bay demisyon l kòm chèf gouvènman defakto a, paske li montre li pa kapab rezoud kriz, k ap brase bil peyi d Ayiti a
12. Branch Nènel Cassy nan Sektè demokratik ak popilè a (Sdp) deside met deyò, nan Sdp, Michel André, Marjorie Michel ak Ricard Pierre, k ap sipòte desizyon gouvènman defakto a, ki monte pri gaz yo sou mache nasyonal la.
[jep rc gp apr 16/09/2022 00:00]
Foto : piyay nan Gonayiv / Imaj sou ekran videyo