Pòtoprens, 13 septanm 2022 [AlterPresse] — 2 jèn jounalis, sou 7 ki t al eseye fè yon repòtay, apre kò sasinay, bandi ak zam te fè sou Christella Delva, yon ti fi 17 lane, andedan komin Site Solèy, disparèt, dimanch 11 septanam 2022 a. Dapre plizyè temwayay, bandi ak zam ta boule kadav Frantzsen Charles et Tayson Lartigue, apre yo ta asasinen yo.
4. Pyès moun pa ka akize jounalis ki disparèt yo, poutèt yo t al fè travay yo. Se konsiderasyon, sou AlterPresse/AlterRadio, Asosyasyon jounalis ayisyen yo, ki di gwo lapenn yo, sou trajedi sa a ki rive 2 jèn jounalis yo.
5. Tout jounalis ta dwe byen reflechi, anvan yo ale nan zòn kote bandi ap dirije yo, dapre Asosyasyon ayisyen medya ki an liy sou Entènèt lan.
6. Lendi apremidi 12 septanm 2022 a, te gen gwo tansyon, avèk kawoutchou k ap boule, nan lari zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tankou sou Dèlma a. Te gen wòch, ki t ap tire, apre nouvèl ki ta fè kwè otorite defakto yo pral ogmante pri gaz lan.
7. Lendi 12 septanm 2022 a, te gen gwo tansyon tou nan komin Kafou, Kawoutchou t ap boule plizyè kote epi te gen wòch nan lari a, sitou nan nivo wout nasyonal nimewo 2 a.
8. Lendi 12 septanm 2022 a, moun Okay, depatman Sid peyi d Ayiti, rapousuiv mobilizayon yo a, kont klima laterè gang ak zam yo, kont ratman gaz lan ak kont lavi chè a. Te gen barikad kawoutchou ki t ap boule divèes kote. Sa ki te lakoz aktivite komès yo, biwo leta pa t mache.
9. Pandan jounen dimanch 11 septanm 2022 a, sikilasyon an te kontinye bloke, nan zòn Kanayan, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Plizyè gwoup ak zam te itilize kamyon, yo te fòse chofè yo remèt yo kle machin yo, pou yo te ka bloke wout la.
10. Gouvènman defakto a pa di anyen sou sa k ap pase nan peyi a, paske l ap rapousuiv travay li pou pote rezilta pozitif, dapre sa Ariel Henry fè konnen.
11. Ariel Henry anonse gouvènman defakto a pral monte pri gaz lan ankò, apre gwo ogmantasyon li te deside nan dat 10 desanm 2021 an, nan peyi d Ayiti.
12. Eleksyon pral fèt nan peyi d Ayiti, anvan finisman lane 2022 a. Se pwomès premye minis defakto a, Ariel Henry, nan yon mesay li voye, byen ta lannuit dimanch 11 septanm 2022 a.
2. Dimanch 11 septanm 2022 a, gadkòt peyi Etazini di yo arete sou lanmè 127 natif natal Ayisyen ak 3 natif natal Kiben, tou pre Anguilla Cay, youn nan zile Bahamas yo. Gadkòt meriken yo di yo remèt moun yo arete yo bay otorite gwoup zile Bahamas yo.
[apr 13/09/2022 00:30]