Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Diskou Ariel Henry, gaz pral monte, Kafou bloke, machwè toujou gonfle

Pòtoprens, 12 septanm 2022 [AlterPresse] — Sitiyasyon an toujou boulvèse nan plizyè zòn nan peyi a, kote popilasyon an an kòlè kont move lavi ak dirijan yo an Ayiti.

1. Komin Kafou, nan sid kapital la, leve boulvèse lendi maten 12 septanm 2022 a. Plizyè kote kawoutchou ap boule epi wòch nan lari sitou nan nivo wout nasyonal nimewo 2.

2. Malgre leve kanpe divès kote nan peyi a, premye minis defakto Ariel Henry anonse, nan yon diskou li fè ta nan aswè 11 septanm 2022 a, gouvènman an pral monte pri gaz la. Li pwomèt tou kèk dispozisyon sosyal pou soulaje lamizè.

3. Samdi 10 septanm 2022 a, anpil moun Wanament, depatman Nòdès peyi d Ayiti, te leve kanpe, pou yon katriyèm jou, youn apre lòt. Yo t ap kontinye pwoteste kont klima laterè gang ak zam yo, kont ratman gaz lan ak kont lavi chè a, sou teritwa nasyonal la.

4. Pakè tribinal sivil Okay, depatman Sid peyi d Ayiti, voye yon pinga bay tout manifestan, ki ta gen move entansyon, al fè piyay nan magazen vil la, tankou sa te fèt nan jou ki sot pase yo.

5. Mouvman leve kanpe a, ki tanmen, depi plizyè semenn, divès kote, nan peyi a, ap rapousuiv nètalkole, jiskaske premye minis defakto a tande rezon. Si l pa fè sa, popilasyon an ap fè fòs pou mete l atè. Se dizon ansyen depite Antoine Rodon Bien-Aîmé.

6. Se sèl yon revolisyon nan lapè, ki ka dire lontan, ki va pèmèt peyi d Ayiti reprann diyite l, ki pèdi a, dapre pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod).

7. Ariel Henry pa janm eseye aplike okenn nan sa l te siyen ak plizyè pati politik, nan dat 11 septanm 2021 an, sa gen yon lane. Sèl sousi li te genyen, nan lane ki sot pase a, se te fè tan pase, pou l ka mete sou wout pwòp pwojè pa l, nan tèt kole ak moun ki te mete l nan tèt pouvwa politik la, dapre pati politik Inifòs.

8. Samdi apremidi 10 septanm 2022 a, anpil kout zam tire bridsoukou, nan zòn Bon Repo, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Gen yon seri moun, ki touye anba bal 2 moun, ki sanble t ap prepare enstalasyon yon chèf gang, sou plas Gwo wòch, nan kafou wout Bon Repo ak wout Lilavwa.

9. Ansyen premye minis defakto a, Claude Joseph, gen relasyon ak gang ak zam yo nan peyi d Ayiti. Se akizasyon ansyen anbasadè peyi d Ayiti nan Repiblik Dominiken, Paul Arcelin, ki t ap pale, samdi 10 septanm 2022 a, nan yon emisyon televizyon, Vision Rdn, sou Entènèt.

10. Vandredi 9 septanm 2022 a, bandi ak zam kidnape ankò, nan Pòtoprens, 2 anplwaye biwo Leta Apn, ki okipe de jesyon waf yo, nan peyi d Ayiti.

[apr 12/09/2022 12:00]