Español English French Kwéyol

Legliz Katolik Ayiti denonse avèk tout fòs li kèk animatè radyo k ap site non l nan « move zak trafik zam »

Kominike Konferans episkopal Ayiti a nan dat 8 septanm 2022

« Nou va konnen laverite a, epi laverite a va ban nou libète » (Jan 8, 32). Legliz Katolik an Ayiti ki gen Evèk Katolik yo nan tout dis (10) Dyosèz yo, nan dis Depatman peyi a, pa sispann tande rèl pèp Ayisyen an. Sitiyasyon malouk mizè ak ensekirite ki blayi toupatou a montre aklè otorite Leta nou yo pa kapab mennen bak peyi a jan sa ta dwe fèt.

Poutètsa, Konferans Evèk Legliz Katolik yo an Ayiti mande otorite peyi a pran bonjan desizyon pou pote chanjman peyi a bezwen an. Tan yo grav. Mizè a twòp. Pèp la bezwen viv e li gen tout dwa l pou l viv nan respè ak diyite.

Pandan n ap remèsye sila yo k ap fòme ak enfòme popilasyon an, nou denonse avèk tout fòs nou kèk animatè radyo k ap site non Legliz Katolik nan move zak trafik zam. Gen ladan yo ki menm rive menase fè move zak sou batiman legliz nou yo, sou pè ak mè nou yo, sou kolaboratè nou ak sou enstitisyon nou yo. Legliz Katolik pa nan trafik zam. Kite Lajistis fè travay li. Sispann simen konfizyon ak latwoublay nan tèt popilasyon an. Difamasyon ak kalomni se peche grav. Yo sal epi touye imaj ak bòn repitasyon moun.

Misyon Legliz Katolik an Ayiti se sèvi tout moun nan kat kwen peyi a, nan lavil tankou nan zòn ki pi rekile yo. Nou angaje nou non sèlman nan travay anonse Bòn Nouvèl la ak evanjelize moun, men tou nan domèn edikasyon, nan domèn lasante, nan fè pwomosyon pou diyite ak dwa moun, nan devlòpman sosyal ak tout kalite bonjan zèv charite, pou ede pèp Ayisyen an pa kite yo vòlè lespwa l nan mitan sitiyasyon dezespwa ak latwoublay.

Evèk Katolik yo an Ayiti vle sa klè pou tout moun. Sa kap pase koulye a nan peyi a mande tout moun pran responsablite yo nan di pawòl konsekan ak poze bonjan aksyon ki pou ede chanje figi peyi a ki fin depafini. Lanbi a kònen pou tout moun mache ansanm, men nan men, nan chemen ki dwat, ki kòrèk, chemen limyè, laverite, lajistis ak devlòpman.

Se pou BonDye beni nou, epi sove Ayiti, peyi nou an. Se pou l ede nou travay pou nou soti nan sa nou ye a. Se pou Manman Mari, Notre-Dame de la Nativité pote nou sekou !

Nòt sa a soti nan kay kote Evèk Legliz Katolik yo konn rasanble, Lilavwa, jou ki 8 Sektanm 2022 an, fèt Nesans Lavyèj Mari.

Monseyè Launay SATURNE
Achevèk Okap Ayisyen
Prezidan CEH

Monseyè Max Leroy MESIDOR
Achevèk Pòtoprens
Visprezidan CEH

Monseyè Désinord JEAN
Evèk Ench
Ekonòm CEH

Monseyè Pierre André DUMAS
Evèk Ansavo ak Miragwan

Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
Evèk Jeremi

Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
Evèk Gonayiv

Kadinal Chibly LANGLOIS
Evèk Okay
Konseye

Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
Evèk Jakmel

Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM. 
Evèk Fòlibète

Monseyè Charles Peters BARTHELUS
Evèk Pòdepè